Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 33

1 "Malgre sa, koulye a, Job, souple 33:1 Job 13:6tande mesaj mwen an

e koute tout pawòl mwen yo.

2 Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen.

Se lang nan bouch mwen ki pale.

3 Pawòl mwen yo sòti nan ladwati mwen,

e lèv mwen pale 33:3 Job 6:28soti yon ki renmen verite a.

4 Se 33:4 Jen 2:7Lespri Bondye ki te m,

e souf Toupwisan an ki ban m lavi.

5 33:5 Job 33:32 Di m se pa sa, si ou kapab.

Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.

6 Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou.

Mwen menm tou te fèt ak 33:6 Job 4:19ajil la.

7 Gade byen, se pa 33:7 Job 13:21okenn krent mwen gen,

ki ta bay ou laperèz,

ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an,

ke ou ta twouve chaj la lou.

8 "Anverite, ou te pale kote pou m ta tande,

e mwen te tande son a pawòl ou yo.

9 Job te di: Mwen san tach, san transgresyon;

mwen inosan e 33:9 Job 10:14nanpwen koupabilite nan mwen.

10 Gade byen, Li envante pretèks kont mwen;

Li 33:10 Job 13:24kontwole m tankou lènmi.

11 Li 33:11 Job 13:27mete pye mwen nan sèp;

Li veye tout chemen mwen yo.

12 "Gade byen Job, kite mwen di ou, 33:12 Ekl 7:20ou pa gen rezon nan sa,

paske Bondye pi gran ke lòm.

13 Poukisa ou 33:13 Job 40:2plenyen kont Li

ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?

14 Anverite, 33:14 Job 33:29Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,

men pèsòn pa okipe sa.

15 Nan yon 33:15 Job 4:12-17rèv, yon vizyon nan nwit la,

dòmi pwofon kon tonbe sou lòm,

pandan yo nan somèy sou kabann yo,

16 konsa, 33:16 Job 36:10-15Li ouvri zòrèy a lòm

e mete so sou enstriksyon yo,

17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li

e anpeche li ògèy.

18 Konsa, Li 33:18 Job 33:22-30pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la

e lavi li pou l pa lantre 33:18 Job 15:22nan Sejou Lanmò a.

19 "Lòm, anplis, resevwa chatiman 33:19 Job 30:17doulè sou kabann li;

avèk plent san rete jis rive nan zo li;

20 jiskaske lavi li vin 33:20 Job 3:24rayi pen,

e nanm li, manje ke li te pi renmen an.

21 33:21 Job 16:8 Chè li epwize vin disparèt pou moun pa l

e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.

22 33:22 Job 33:18-28 Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a

e lavi li pwoche sila kap detwi yo.

23 "Si gen yon zanj pou ta 33:23 Jen 40:8entèsede pou li,

se tankou youn nan yon milye,

ki pou ta yon moun sonje sa k ap bon pou li,

24 konsa, Bondye l gras. Li di l:

Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a,

Mwen te twouve yon 33:24 Job 36:18racha.

25 Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li.

Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.

26 Konsa, li va 33:26 Job 22:27priye a Bondye,

e Li va aksepte li, pou l kab figi L plèn ak jwa.

Se konsa, Li restore ladwati a lòm.

27 Li va chante devan lèzòm. Li va di:

"Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat,

e li pa t bon pou mwen.

28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a,

e lavi m 33:28 Job 22:28va limyè a.

29 "Gade byen, Bondye konn 33:29 Ef 1:11tout bagay

sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,

30 pou 33:30 Job 33:18mennen nanm li l sòti kite fòs lanmò a,

pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.

31 Prete atansyon, O Job, koute m byen;

rete an silans e kite mwen pale.

32 Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen;

pale, paske mwen vle ba ou rezon.

33 Men si non, koute mwen;

rete an silans, e mwen va montre ou sajès."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também