1 Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap 30:1 Job 12:4giyonnen m.
Papa a sila mwen pat ta dakò pou
mete ansanm ak chen bann mouton yo.
2 Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m?
Gwo fòs te deja disparèt nan yo
3 akoz mank bagay ak grangou.
Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
4 Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la.
Manje yo se rasin bayawonn.
5 Yo chase yo deyò lavil la nan dezè;
yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
6 jiskaske yo vin rete nan move ravin yo,
nan twou tè ak nan wòch yo.
7 Pami rak tibwa yo, yo rele fò.
Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
8 Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo,
yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
9 Men koulye a, se mwen menm yo pase nan 30:9 Job 12:4rizib;
mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
10 Yo pè m, yo kanpe lwen m,
e yo pa sispann 30:10 És 50:6krache nan figi m.
11 Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen,
yo 30:11 Sòm 32:9rete retire brid la nèt devan m.
12 Sou men dwat lan, nich sa vin leve.
Yo 30:12 Sòm 140:4-5rale pye mwen akote.
Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
13 Yo 30:13 És 3:12gate wout mwen.
Yo bourade lachit mwen
san mande sekou.
14 Tankou nan yon gran brèch, yo parèt;
nan mitan tanpèt, yo woule m.
15 30:15 Job 3:25 Gwo perèz yo vin vire kont mwen.
Yo tanmen gate respè m tankou van.
Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
16 Konsa, koulye a 30:16 Sòm 42:4nanm mwen vide nèt.
Jou afliksyon yo sezi m.
17 Nan lannwit, 30:17 Job 30:30zo m yo frennen anndan m,
e sa yo kap manje m pa pran repo.
18 Ak gwo fòs, vètman m vin 30:18 Job 2:7tòde sou mwen.
Li mare m nèt tankou kolye manto m.
19 Li te jete mwen nan 30:19 Sòm 69:2-14labou,
e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
20 Mwen 30:20 Job 19:7kriye a Ou menm pou sekou,
men Ou pa reponn mwen.
Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
21 Ou vin okipe m ak mechanste.
Avèk fòs a men Ou, Ou 30:21 Job 16:9-14pèsekite m.
22 Ou 30:22 Job 9:17leve m wo sou van, e fè m monte;
epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
23 Paske mwen konnen ke Ou ap 30:23 Job 9:22mennen m a lanmò,
jis rive nan gwo 30:23 Ekl 12:5kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
24 Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l?
Oswa nan gwo pwoblem li pa 30:24 Job 19:7kriye sekou?
25 Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub?
Èske nanm mwen pa t plen tristès pou 30:25 Job 24:4malere a?
26 Lè m 30:26 Job 3:25-26t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m;
lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
27 Kè m twouble nèt 30:27 Lam 2:11anndan m.
Mwen pa kab poze.
Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
28 Mwen fè dèy toupatou san solèy.
Mwen kanpe nan asanble;
mwen 30:28 Job 19:7rele sekou.
29 Mwen te vin frè ak 30:29 Sòm 44:19chen mawon,
zanmi ak otrich la.
30 Chè m vin nwa sou mwen,
li kale, e 30:30 Sòm 102:3 zo m yo brile ak lafyèv.
31 Pou sa, 30:31 És 24:8 se doulè ap mwen jwe,
e flit mwen an sonne pou sila k ap kriye.