Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 14

1 14:1 Ekl 2:23 Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.

2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen.

Anplis, 14:2 Job 8:9li sove ale kon lonbraj.

Li pa dire.

3 Èske Ou ouvri zye Ou sou li

pou 14:3 Sòm 143:2mennen li an jijman avèk W?

4 14:4 Job 15:4 Se kilès ki kab pwòp sa ki pa pwòp?

Pèsòn!

5 Konsi 14:5 Job 21:21fòs jou li yo avèk Ou,

fòs mwa li yo avèk Ou.

Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.

6 14:6 Job 7:19 Retire zye Ou sou li pou l kab pran repò,

jiskaske li kab konplete jou li yo,

kon yon ouvriye jounalye.

7 Gen espwa pou yon pyebwa l koupe,

li kab boujonnen ankò,

nouvo boujon yo kab reyisi.

8 Malgre rasin li yo vin vye nan a,

e chouk li mouri nan sèch,

9 rive yon gout dlo,

e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.

10 Men 14:10 Job 3:13lòm mouri pou kouche plat.

Lòm mouri e kibò li ye?

11 Tankou 14:11 És 19:5dlo lanmè vapè monte

e rivyè a vin sèch,

12 konsa 14:12 Job 3:13lòm kouche, e li pa leve ankò.

Jiskaske syèl yo vin disparèt,

li p ap reveye, ni leve ankò.

13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an,

pou ou ta kapab m kache 14:13 És 26:20jiskaske chalè Ou

retounen kote Ou!

Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!

14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò?

Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann

jiskaske rive pou yo lage m.

15 Ou ta rele e mwen ta reponn Ou;

Konsa, Ou ta anvi anpil 14:15 Job 10:3zèv men Ou yo.

16 Paske koulye a, ou konte tout pa mwen yo.

Èske Ou pa 14:16 Job 10:6swiv peche m yo?

17 Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè

Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.

18 Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa anyen;

wòch la ap kite plas li.

19 Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè a.

Se konsa Ou 14:19 Job 7:6detwi espwa a lòm.

20 Ou vin l soumèt nèt pou tout tan, e li 14:20 Job 4:20pati;

Ou chanje aparans li, e voye l ale.

21 Fis li yo vin resevwa lonè, men 14:21 Ekl 9:5li menm pa konnen sa;

oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.

22 Men l mal;

epi li dèy sèlman pou pwòp tèt li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também