Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 16

1 Epi Job te reponn:

2 Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo;

16:2 Job 13:4 move konsolatè nou tout ye.

3 Èske pa gen limit sou 16:3 Job 6:26pawòl kap pouse van a?

Oswa se kilès k ap toumante ou ki ou reponn?

4 Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou.

Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou

e 16:4 So 2:15souke tèt mwen sou ou.

5 Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen,

e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.

6 Mem si mwen pale sa pa redwi 16:6 Job 9:27-28doulè m;

si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?

7 Men koulye a, Li 16:7 Job 7:3fin fatige m nèt;

Ou, Bondye, te 16:7 Job 19:13-15gate tout zanmi m yo.

8 Ou te m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen.

Epi 16:8 Job 19:20jan mwen vin mèg, leve kont mwen.

Li temwayaj devan figi mwen.

9 Kòlè Li fin 16:9 Os 6:1chire mwen e chase m jis atè,

Li te modi blese m ak dan L.

16:9 Job 13:24 Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.

10 Yo te gade m, 16:10 Sòm 22:14bouch yo louvri.

Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz;

yo te oganize yo menm kont mwen.

11 Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo,

e te jete mwen nan men a mechan yo.

12 Mwen te alèz, men Li te 16:12 Job 9:17brize mwen,

Li te sezi mwen nan kou

e te souke mwen jiskaske m mòso;

anplis li te m objè tiraj.

13 16:13 Job 6:4 Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt.

Li vide 16:13 Job 20:25fyèl mwen atè.

14 Li kase antre brèch pa brèch;

Li kouri sou mwen kon yon jeyan.

15 Mwen te koud twal sak sou m

epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.

16 Figi mwen vin wouj akoz 16:16 Job 16:20kri mwen yo

e pòpyè zye m vin fonse nwa,

17 Malgre nanpwen vyolans nan men m,

e priyè mwen yo san tach.

18 O latè a, pa kouvri san mwen.

Pa bay plas pou kriyè m yo pran repo.

19 Menm koulye a, gade byen,

16:19 Wo 1:9 temwen m se nan syèl la.

Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.

20 Se zanmi mwen yo k ap moke m.

16:20 Job 17:7 Zye m kriye a Bondye.

21 O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,

kon yon moun plede ak vwazen li!

22 Paske kèk ane fin pase, m ap prale

nan chemen ki pap retounen an.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também