Publicidade

Jó 17

1 "Lespri m fin kase.

Jou m yo etenn;

tonbo a pare pou mwen.

2 Anverite mokè yo avè m,

e zye m fikse sou pwovokasyon yo.

3 "Depoze la koulye a, yon sekirite.

Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.

Se kilès ki kab antann avè m?

4 Paske Ou te anpeche kè yo konprann;

pou sa, ou pa p egzalte yo.

5 Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,

menm zye pitit li yo va vin gate.

6 "Men Li te fè m vin tounen yon vye pwovèb pou pèp la.

Konsa, yo vin krache sou figi m.

7 Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m,

e tout nanm mwen tankou lonbraj.

8 Moun ladwati va byen twouble ak sa,

e linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.

9 Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li

e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.

10 Men nou tout, retounen;

malgre mwen pa twouve yon nonm saj pami nou.

11 Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,

menm dezi a kè mwen yo.

12 Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.

Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.

13 Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen,

si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;

14 Si mwen kriye a fòs tonbo a:

‘Se ou ki papa m’; epi a vè a:

"Ou se manman m ak sè m’;

15 Alò, koulye a, se kibò espwa mwen ye?

Epi se kilès k ap okipe espwa m?

16 Èske espwa m va desann avèk mwen

nan Sejou Lanmò yo?

Èske se ansanm n ap desann nan pousyè a?"

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-