1 13:1 Job 12:9 "Veye byen, zye m gen tan wè tout sa.
Zòrèy mwen tande e konprann li.
2 13:2 Job 12:3 Sa ou konnen yo, mwen konnen yo tou;
mwen pa pi ba pase ou.
3 "Men 13:3 Job 13:22mwen ta pale ak Toupwisan an;
mwen vle diskite ak Bondye.
4 Men nou 13:4 Sòm 119:69sal moun ak manti.
Se yon bann 13:4 Jr 23:32doktè sanzave nou ye.
5 Oswa pito ke ou ta 13:5 Job 13:13rete an silans nèt;
ke sa ta sèvi kon sajès ou!
6 Souple, tande pawòl mwen, e koute mo a lèv mwen.
7 Èske ou kab 13:7 Job 27:4pale pou Bondye sa ki pa jis,
e pale sa ki manti pou Li?
8 Èske ou va 13:8 Lev 19:5pran ka pa Li?
Èske ou va diskite pou Bondye?
9 Èske sa va sòti byen lè Li bay ou egzamen?
Oswa 13:9 Job 12:16èske ou va twonpe Li
kon yon moun konn twonpe yon moun?
10 Anverite, Li va repwoche ou
si ou apye yon bò ak patripri.
11 Èske 13:11 Job 31:23majeste Li p ap bay ou lakrent?
Laperèz Li p ap tonbe sou ou?
12 Ansyen pwovèb ou yo se pwovèb ki fèt ak sann;
defans ou yo se defans ki fèt ak ajil.
13 13:13 Job 13:5 "Rete an silans devan m pou m kab pale;
epi kite nenpòt sa ki rive m k ap rive.
14 Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m
e 13:14 Sòm 119:109mete lavi m nan men m?
15 13:15 Job 7:6 Malgre Li ta touye mwen,
mwen va mete espwa m nan Li.
Malgre, mwen va 13:15 Job 27:5fè diskou chemen mwen yo devan L.
16 Se sa, anplis, ki va 13:16 Job 23:7delivrans mwen;
paske yon enkwayan p ap parèt nan prezans Li.
17 Koute pawòl mwen byen pre e
kite deklarasyon mwen yo ranpli zòrèy ou.
18 Tande koulye a, mwen te prepare ka mwen an;
mwen konnen ke 13:18 Job 9:21mwen va jistifye.
19 13:19 És 50:8 Se kilès ki va diskite kont mwen?
Paske konsa, mwen ta rete anpè e mouri.
20 "Se sèl de bagay pou pa fè mwen;
konsa mwen p ap kache devan figi Ou:
21 13:21 Job 9:34 Retire men Ou sou mwen e
pa kite laperèz Ou fè m sezi.
22 Epi rele e 13:22 Job 9:16mwen va reponn;
oswa kite m pale epi reponn mwen.
23 13:23 Job 7:21 Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo
avèk peche m yo?
Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.
24 Poukisa Ou 13:24 Sòm 13:1kache figi Ou e
konsidere m kon 13:24 Lam 2:5lènmi Ou?
25 Èske Ou ta fè yon fèy k ap vole nan van tranble?
Oswa èske Ou va kouri dèyè 13:25 Lev 26:36 pay van an seche a.
26 Paske Ou ekri 13:26 Job 9:18 bagay anmè kont mwen
e 13:26 Sòm 25:7fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.
27 Ou 13:27 Job 33:11mete pye m nan chenn e
ou veye tout chemen mwen yo.
Ou limite distans pla pye m kab rive,
28 pandan mwen ap dekonpoze
kon yon 13:28 Job 2:7bagay k ap pouri,
kon yon vètman ki manje pa mit."