Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 18

1 Epi Bildad, Shuach la te reponn:

2 "Pou jiskilè ou va chase pawòl?

Montre bon sans ou pou nou kab pale.

3 Poukisa nou 18:3 Sòm 73:22gade tankou bèt,

tankou sòt nan zye ou?

4 O ou menm ki chire pwòp ou menm nan kòlè ou,

èske se pou lakoz ou menm ke a ta abandone,

oswa wòch la deplase nan plas li?

5 "Anverite, 18:5 Job 21:17limyè a mechan an va etenn,

e flanm dife li pap bay limyè.

6 Limyè nan tant li an vin 18:6 Job 12:25fènwa,

e lanp li etenn sou li.

7 Gran pa dyanm li yo vin kout,

e 18:7 Job 15:6pwòp manèv li a vin desann li.

8 Paske li 18:8 És 24:17-18tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li

e li mache sou file a.

9 Yon pèlen pran l pa talon,

e yon filè vin fèmen sou li.

10 Yon pyèj kache pou li nan a,

e yon zatrap sou chemen li.

11 Patou 18:11 Job 15:21laperèz l sezi e kouri dèyè l

nan chak pa ke li .

12 Fòs li vin 18:12 És 8:21epwize e gwo dega parèt akote li.

13 li devore pa maladi;

premye ne lanmò a 18:13 Za 14:12devore manm li yo.

14 Li 18:14 Job 8:22fin chire soti nan sekirite tant li an

e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.

15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li;

18:15 Sòm 11:6 souf gaye toupatou sou abitasyon li.

16 18:16 Mat 4:1 Rasin li vin sèch anba li,

e 18:16 Job 15:30-32 branch li fin koupe pa anwo.

17 18:17 Sòm 34:16 Memwa li fin disparèt sou a

men li pa gen non nan okenn lòt peyi.

18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive 18:18 Job 5:14nan tenèb,

e chase jis deyò mond kote moun rete a.

19 Li pa gen ni 18:19 Job 27:14-15desandan ni posterite pami pèp li a,

ni okenn moun ki rete kote li te demere.

20 Sila nan lwès yo vin revòlte de 18:20 Jr 50:27desten li

e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.

21 Anverite, se konsa 18:21 Job 21:28abitasyon a mechan yo ye a.

Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também