Pular para o conteúdo
Publicidade

Job 19

1 Epi te reponn:

2 Pou konbyen de tan, nou va toumante m,

e kraze mwen avèk pawòl yo?

3 Dis fwa sa yo nou te ensilte m;

nou pa menm wont fè m tò.

4 Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.

5 Si anverite nou vin 19:5 Sòm 35:26ògeye kont mwen,

e fè m wè prèv a gwo wont mwen,

6 alò, konnen byen ke 19:6 Job 16:11Bondye te fè m tò,

e te fèmen 19:6 Lam 1:13pèlen Li an antoure mwen.

7 "Gade byen, 19:7 Job 30:20-24mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.

Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.

8 Li te 19:8 Job 3:23bare chemen mwen pou m pa kab pase,

e Li te mete fènwa sou pa m yo.

9 Li te retire lonè sou mwen e

te retire kouwòn nan sou tèt mwen.

10 Li 19:10 Job 12:14kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;

Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.

11 Anplis, Li te 19:11 Job 16:9limen lakòlè Li kont mwen

e te 19:11 Job 13:24 konsidere m kon lènmi Li.

12 Lame Li a vin rasanble pou

19:12 Job 30:12 bati chemen pa yo kont mwen.

Yo fè kan kap antoure tant mwen an.

13 "Li te retire frè m yo byen lwen mwen

e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.

14 Fanmi mwen yo vin fè fayit

e pi pwòch 19:14 Job 19:19zami m yo te bliye m.

15 Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo

konsidere m kon yon etranje.

Mwen se yon etranje menm nan zye yo.

16 Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;

mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.

17 Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,

e mwen vin abominab a pwòp frè m.

18 Timoun yo meprize mwen.

Mwen leve e yo pale kont mwen.

19 Tout 19:19 Sòm 38:11asosye m yo etone ak krent devan m.

Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.

20  19:20 Sòm 102:5 Zo m yo kole sou po m ak chè m;

se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.

21 "Gen pitye pou mwen, gen pitye,

O nou menm ki zanmi mwen yo,

paske 19:21 Job 1:11men Bondye vin frape mwen.

22 Poukisa n ap 19:22 Job 13:24-25pèsekite mwen menm tankou Bondye

e pa satisfè ak chè mwen.

23 O ke pawòl mwen yo te ekri!

O ke yo te 19:23 És 30:8enskri nan yon liv!

24 Ke avèk pwent plim ak plon,

yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!

25 Men pou mwen, mwen konnen ke 19:25 És 43:14Redanmtè mwen an vivan.

Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.

26 Menm lè po m fin detwi,

malgre chè m fin sòti,

mwen va 19:26 I Kor 13:12wè Bondye nan chè a;

27 ke mwen, mwen menm va wè,

ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.

"Kè m 19:27 Sòm 73:26vin fèb anndan m.

28 Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’

pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’

29 fè lakrent 19:29 Job 15:22nepe a pou kont nou,

paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.

Fòk nou kab konnen, gen jijman."

Pessoa
H347
Jó
אִיּוֹבiyovΙωβIōb
Jó, homem íntegro de Uz que temia a Deus, perdeu os bens, os filhos e a saúde, discutiu com os amigos o seu sofrimento e foi restaurado pelo Senhor (Jó 1:1).
Significado: “Perseguido, aquele que se volta para Deus”
Ver página completa
Todos os capítulos de Job 42
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.