Publicidade

Jó 40

1 Anplis, SENYÈ a te di a Job:

2 "Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an?

Kite li ki repwòche Bondye reponn sa."

3 Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:

4 "Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?

Mwen poze men m sou bouch mwen.

5 Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l;

menm de fwa, men m pap wale pi lwen."

6 Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:

7 Alò, mare senti ou kon gason;

Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.

8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?

Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?

9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,

ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?

10 Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè.

Mete sou ou lonè ak laglwa.

11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou.

Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.

12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba.

Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.

13 Kache yo ansanm nan pousyè a.

Mare figi yo nan plas kache a.

14 Epi konsa M ap konfese a ou menm

ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.

15 Gade byen Beyemòt la ke M te fè

menm tankou Mwen te fè w la;

Li manje zèb tankou bèf.

16 Gade koulye a, fòs li nan ren li,

e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.

17 Li koube ke li tankou yon sèd;

venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.

18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;

janm li tankou ba fè.

19 Li se premye nan chemen Bondye a;

fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.

20 Anverite, mòn yo mennen bay li manje

kote tout bèt sovaj latè yo jwe.

21 Anba zèb dlo, li kouche;

nan kouvèti wozo a ak marekaj la.

22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;

bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.

23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;

li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li.

24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;

menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-18_14-04-22-