Pular para o conteúdo
Publicidade

Aniversário de idoso

Por Bíblia Online

O aniversário de um idoso é celebração de uma vida longa e cheia de experiências com Deus. A Bíblia honra os cabelos brancos como coroa de glória e prova da fidelidade divina.

O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,

paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.

Sa se jou ke SENYÈ a te .

Annou rejwi nou e kontan ladann.

Mwen va beni SENYÈ a nan tout tan.

Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.

SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

m mete konfyans nan Li, e mwen

jwenn sekou.

Pou sa, m leve wo nèt.

Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

Ou te mete lajwa nan m plis pase

gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

Ou va m rekonèt chemen lavi a.

Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.

Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a;

se li mwen va chache:

pou m ta kab rete lakay SENYÈ a

tout jou lavi m yo,

pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e

reflechi jis nan fon m nan tanp Li an.

Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,

pou nou kab ofri Ou yon ki plen sajès.

Yon tèt blanch se yon kouwòn laglwa;

li jwenn nan chemen ladwati a.

Glwa a jèn yo se fòs yo,

e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.

sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

yo va monte anwo ak zèl kon èg.

Yo va kouri, e yo p ap bouke;

yo va mache, e yo p ap fatige.

"Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane. Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou lagè ak antre sòti.

SENYÈ a beni nou e kenbe nou;

SENYÈ a limyè figi li limen sou nou;

epi gras anvè nou;

SENYÈ a vizaj li vin gade nou,

e bannou lapè.

Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou se an bòn sante.

Seja o primeiro