Publicidade

Salmos 4

Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David

1 Reponn mwen m rele Ou, O Bondye ladwati mwen;

Ou te m pran souf nan gran twoub mwen an.

m gras e tande lapriyè mwen.

2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?

Jiskilè ou va renmen sa ki san valè

e tante twonpe moun? Tan

3 Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm.

SENYÈ a tande m apèl Li.

4 Tranble, men pa peche.

Reflechi nan ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan

5 Ofri sakrifis ladwati yo.

Mete konfyans nan SENYÈ a.

6 Anpil ap di: "Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?"

SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!

7 Ou te mete lajwa nan m plis pase

gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.

8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,

paske Ou sèl, SENYÈ, m viv ansekirite.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-