Publicidade

Arca de noé

Por Bíblia Online

A arca de Noé é história de salvação e fidelidade. Deus instruiu Noé a construir a arca para salvar sua família e os animais do dilúvio — exemplo supremo de obediência e fé.

Alò, Bondye te di a Noé: "Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. pou kont ou yon lach avèk bwa gofè. Ou va l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin. Se konsa ke ou va l: longè lach la va twa san koude (18 pous se yon koude), lajè li va senkant koude, e wotè li va trant koude. Ou va yon fenèt pou lach la, l rive yon koude mwens ke wotè li. Konsa, plase pòt lach la rive sou de kote li yo. li ak pi ba, dezyèm, avèk twazyèm etaj.

Konsa, SENYÈ a te di a Noé: "Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.

Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la. Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo, tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a. Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.

Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.

Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo a. Dlo a te monte. Li te ogmante anpil sou a, e lach la te monte sou dlo a.

Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.

Dlo a te bese ofiramezi sou a. E apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens.

Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la.

Alò, li te vin rive ke karant jou yo fin pase, Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te a. Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou a. Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou si dlo a te bese sou fas a, men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te l antre nan lach la li menm.

Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la. Toutrèl la te vin kote l aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou a.

Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.

Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite a. Konsa, Noé te retire kouvèti lach la. Li te gade, e gade byen, sifas a te vin sèch.

Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di: Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo. Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou a.

Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di: "Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo, epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou a.

"Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi a."

Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.

Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.

Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.

Sa se yon modèl pare ak batèm, ki koulye a ap sove noupa akoz li retire salte sou a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a. Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.

"Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo. Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la. Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk vini a Fis a Lòm nan.

"Nan moman sa a, ap gen de mesyè nan yon chan; youn ap prale; lòt la ap rete. De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.

Seja o primeiro
Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-