Publicidade

Gênesis 8

1 E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, Bondye te yon van pase sou a, e dlo yo te vin bese.

2 Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann. 3 Dlo a te bese ofiramezi sou a. E apre san-senkant jou, dlo a te vin mwens.

4 Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la. 5 Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib.

6 Alò, li te vin rive ke karant jou yo fin pase, Noé te ouvri fenèt lach la, ke li te a. 7 Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou a. 8 Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou si dlo a te bese sou fas a, 9 men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te l antre nan lach la li menm.

10 Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la. 11 Toutrèl la te vin kote l aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou a.

12 Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.

13 Alò, li te vin rive ke nan sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite a. Konsa, Noé te retire kouvèti lach la. Li te gade, e gade byen, sifas a te vin sèch. 14 Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, a te sèch.

15 Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di: 16 Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo. 17 Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou a.

18 Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo. 19 Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki mouvman sou latè yo, te sòti nan lach la selon espès pa yo.

20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.

21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: "Mwen p ap janm modi a ankò akoz lòm, paske lentansyon li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te a.

22 "Pandan a la a, semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann."

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-