Bom ânimo
Tende bom ânimo! Jesus repetiu estas palavras aos seus discípulos em meio às tempestades. No mundo tereis aflições, mas Ele já venceu o mundo — e nos dá coragem para enfrentar tudo.
33 Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.
9 Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
25 Epi Jozye di yo: -Nou pa bezwen tranble! Nou pa bezwen pè! Mete gason sou nou! Pa janm dekouraje paske Seyè a pral fè nou mete pye nou sou kou tout lènmi n'a jwenn sou wout nou!
10 Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
7 Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
13 Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.
24 (31:25) Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.
3 Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj.
1 Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
27 Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
50 Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: -Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
48 Jezi di li: Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou; ale ak kè poze.
6 Se pou sa, nou toujou gen gwo kouraj. Nou konnen toutotan nou nan kò sa a nou lwen Seyè a toujou.
10 Nan denmen, ki vle di nan venntwazyèm jou setyèm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè fèt, yo al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tou sa Seyè a te fè pou David, pou Salomon ak pou pèp Izrayèl li a.
7 -Mete gason sou nou! Kenbe fèm! Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a, ni devan gwo lame k'ap mache avè l' la, paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l'.
10 Si jou malè ou pa gen kouraj pou kenbe, ou pa t' janm gen fòs vre.
25 Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l' rive jan li di m' lan.
6 Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l' kontinye l' jouk li va fini l' nèt, lè jou Jezikri a va rive.
6 Sa fè nou kontan anpil, menm si koulye a nou blije gen lapenn anpil pou yon ti tan, avèk tout kalite eprèv n'ap sibi yo.
39 Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
11 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m' separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n' kapab vin pi fèm.12 Mwen vle di pito, pou m' ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a.
16 Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou.
11 Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la.
7 Konsa, frè m' yo, nan mitan tout fikilte ak tout lafliksyon mwen yo, sa te ban m' kouraj lè m' tande jan n'ap kenbe fèm nan lafwa.
16 Pèp la reponn! -Nou p'ap janm fè lide vire do bay Seyè a pou n' al sèvi lòt bondye.17 Se Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti ansanm ak zansèt nou yo nan esklavaj nou te ye nan peyi Lejip la. Se li menm ki te fè tout gwo mèvèy sa yo devan je nou. Se li menm ki te pwoteje nou tout kote nou pase, nan mitan tout nasyon sa yo, lè nou t'ap travèse peyi yo.
11 Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan.