Publicidade

A comunhão

Por Bíblia Online

A comunhão cristã é dom e mandamento. Juntos somos mais fortes. A Bíblia celebra a unidade dos crentes em Cristo como antecipação do céu na terra.

Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.

"Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lamou youn pou lòt."

Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.

Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.

Sa ke nou te wè epi tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri.

Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.

Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.

Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.

Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.

Se fè ki file fè;

se konsa yon nonm file zanmi l.

Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.

Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-