Pular para o conteúdo
Publicidade

Ézéchiel 29

1 Nan 29:1 Éz 6:1dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte. 3 Pale e di: Konsa pale Senyè BONDYE a,

"Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte,

29:3 És 27:1 gwo mons la ki kouche nan mitan

rivyè li yo, k ap di:

Rivyè Nil lan se pou mwen

e se mwen menm ki te li.

4 29:4 II Wa 19:28 Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e

pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo.

Konsa, Mwen va rale ou sòti nan mitan rivyè ou yo,

ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo.

5 Mwen va 29:5 Éz 32:4-6jete ou lwen nan dezè a,

ou menm ak tout pwason rivyè ou yo.

Ou va tonbe nan chan ouvri.

Ou p ap rasanble ni reyini ankò.

Mwen te bay ou kon manje bèt latè

ak zwazo syèl yo.

6 ""Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon 29:6 II Wa 18:21gòl fèt ak wozo pou lakay Israël. 7 yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo."

8 "Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: "Gade byen, Mwen va 29:8 Jr 46:13mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt. 9 Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

""Paske ou te di: Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te l.10 Pou sa, gade byen, Mwen 29:10 Éz 13:8kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie. 11 Pye a moun 29:11 Jr 43:11-12p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan. 12 Konsa, Mwen va peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va 29:12 Jr 46:19gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo."

13 "Paske konsa pale Senyè BONDYE a: "Nan fen karantan an, Mwen va 29:13 És 19:22rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo. 14 Mwen va ranvèse fòtin li yo, e yo retounen nan peyi 29:14 És 11:11Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb. 15 Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va yo tèlman vin piti ke yo p ap 29:15 Éz 31:2renye sou lòt nasyon yo. 16 Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinye29:16 És 64:9pote nan tèt yo, inikite yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.""

17 Alò, 29:17 Éz 24:1nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 18 "Fis a lòm, 29:18 Jr 25:9Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te kont li an. 19 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote ale tout 29:19 Jr 43:10-13pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a. 20 Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te 29:20 És 10:6-7a, paske yo te aji pou Mwen,deklare Senyè BONDYE a.

21 "Nan jou sa a, 29:21 I Sam 2:10Mwen va yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também