Pular para o conteúdo
Publicidade

Ézéchiel 18

1 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 18:2 És 3:15"Kisa sa vle di ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di:

Papa yo manje rezen si yo,

epi dan timoun yo va kanpe apik?

3 "Jan Mwen viv la", deklare Senyè BONDYE a: "nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò. 4 Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki 18:4 Éz 18:20peche a, se li k ap mouri.

5 "Men si yon nonm dwat

e li aji ak jistis ak ladwati,

6 pou l pa manje nan lotèl mòn yo,

ni 18:6 Det 4:19leve zye li zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

ni pwoche yon fanm pandan règ li

7 Si yon nonm pa oprime okenn moun,

men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt,

epi 18:7 Lev 19:13pa vòl, men bay pen li a sila ki grangou

e kouvri moun toutouni ak rad,

8 si li pa prete moun lajan ak 18:8 Egz 22:15enterè, ni pran plis,

si li gade men l pou l pa inikite,

e egzekite yon vrè jistis antre moun ak moun,

9 si li mache nan 18:9 Lev 18:5règleman Mwen yo,

ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite;

li se yon moun dwat,

e anverite, li va viv," deklare Senyè BONDYE a.

10 "Alò, li kapab gen yon fis ki volè, ki vèse san, e ki nenpòt nan bagay sa yo,

11 o malgre li pa t okenn nan bagay sa yo,

men li konn manje kote lotèl mòn yo

e 18:11 I Kor 6:9souye ak madanm a vwazen li,

12 Oprime malere ak endijan,

18:12 És 59:6-7 te vòl desepsyon an,

pa remèt sa li pwomèt,

epi te leve zye li a zidòl,

te komèt abominasyon,

13 te prete lajan sou enterè

pou l pran benefis sou malere;

èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.

14 "Alò, gade byen, si li gen yon fis ki te tout peche papa l te komèt, e 18:14 II Kwo 29:6-10l sa, li lakrent pou l pa menm jan.

15 "Li pa manje nan lotèl mòn yo

ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

16 Ni oprime okenn moun,

ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te ,

ni pa vòlè, men li 18:16 Job 31:16-20bay pen li a moun grangou yo

e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,

17 Li retire men li sou malere a,

li pa egzije enterè, ni pwofi,

men li règleman Mwen yo

e mache nan lòd mwen yo;

18:17 Wo 2:6 li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv. 18 Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.

19 "Malgre sa, ou di: Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? fis la pratike 18:19 Éz 18:9jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e yo, anverite, li va viv. 20 Moun ki peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. 18:20 I Wa 8:32Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.

21 "Men si moun 18:21 Éz 18:27-28mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. 22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz 18:22 Sòm 18:20-24ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. 23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?" deklare Senyè BONDYE a: "pou M pa pito ke li ta 18:23 Sòm 147:11vire kite chemen li an pou viv?"

24 "Men, yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn , èske li va viv? 18:24 Éz 18:22Tout zèv ladwati ke li te konn yo, p ap sonje akoz trèt ke li te ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.

25 "Men nou di: Wout Senyè pa dwat.Koute koulye a, O lakay Israël! Èske 18:25 Jen 18:25wout Mwen an pa dwat? Èske chemen Mwen pa nivo? Èske se pa chemen pa nou an ki pa nivo? 26 yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li mouri nan inikite li te a. 27 Ankò, yon nonm mechan vire 18:27 És 1:18kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan. 28 Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri. 29 Men lakay Israël ap di: Wout Senyè a pa dwat.Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?

30 "Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li," deklare Senyè BONDYE a. 18:30 Éz 14:6"Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou nou tonbe. 31 18:31 És 1:16-17Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi pou tèt nou yon tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? 32 Paske Mwen pa pran 18:32 Éz 18:23plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri," deklare Senyè BONDYE a. "Akoz sa, repanti pou viv."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também