Pular para o conteúdo
Publicidade

Ézéchiel 27

1 Anplis, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2 "Ou menm, fis a lòm, 27:2 Jr 9:10leve yon lamantasyon sou Tyr. 3 Di a Tyr, Ou ki rete nan antre lanmè a, komèsan a pèp anpil peyi kot lanmè yo, Konsa pale Senyè BONDYE a:

"O Tyr, ou te di Mwen pafè nan bèlte.

4 Lizyè ou nan lanmè yo.

Sila ki te bati ou yo te bèlte ou pafè.

5 Yo te tout planch ou yo ak pye siprè Senir yo.

Yo te chache pye sèd Liban yo pou ma pou ou.

6 Ak chèn a Basan, yo te zaviwon ou yo.

Ak ban ivwa, yo te koupe tras sou bwa siprè

ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.

7 Vwal ou te fèt ak len fen ki te sòti an Égypte,

ki te sèvi kon mak drapo ou.

Anba pwotèj solay byen kolore an 27:7 Egz 25:4ble e mov,

ki te sòti nan peyi kòt Élischa yo,

8 mesye Sidon yo ak Arvad t ap bourade zaviwon ou yo.

Mesye 27:8 I Wa 9:27saj ou yo, O Tyr, te nan ou.

Se yo ki te pilòt yo.

9 Ansyen a 27:9 Jos 13:5Guebal yo ak mesye saj li yo te avèk nou,

pou repare kote ki ouvri yo.

Tout bato lanmè yo ak mèt bato yo te la pou

okipe machandiz ou yo.

10 27:10 Éz 30:5 ""Perse, Lud, ak Puth te nan lame ou,

mesye lagè ou yo.

Yo te pann boukliye ak kas nan ou.

Yo te grandè ou parèt byen bèl.

11 Fis a Avad yo ak lame ou a

te sou miray ou yo,

e gèrye yo te pann boukliye yo

sou miray ou yo toupatou.

Yo te vin pèfeksone bèlte ou a.

12 ""Tarsis te kliyan ou, akoz abondans tout kalite richès ou yo. Avèk ajan, , blan, ak plon, yo te achte machandiz ou yo.

13 ""Javan, Tubal, ak Méschec te komès ak ou. Ak 27:13 Jl 3:3lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo."

14 ""Sila nan 27:14 Jen 10:3Beth-Togarma yo te bay cheval ak cheval lagè ak milèt pou byen ou yo."

15 ""Fis a 27:15 Jr 25:23Dedan yo te trafik avèk ou. Anpil peyi kot lanmè yo te vin mache ou. Kòn ivwa ak ebèn te pote pou twòk.

16 27:16 Jij 10:6 ""Syrie te trafik avèk ou akoz abondans byen ou yo. Yo te peye pou bagay ou yo ak pyè presye, tenti mov, zèv bwodri, len fen, koray ak pyè woubi."

17 ""Juda ak peyi Israël te komès ak ou. Ak ble ki sòti 27:17 Jij 11:33Minnith, gato, siwo myèl, lwil ak bom, yo te peye pou machandiz ou."

18 27:18 Jen 14:15 ""Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an."

19 ""Vendan ak Javan te peye pou bagay ki sòti Uzal yo. fòje, kasya, ak kann dous te pami machandiz ou yo."

20 27:20 Jen 25:3 ""Dedan te komès ak ou nan sèl pou monte cheval."

21 ""Arabie ak tout prens a Kédar yo, te kliyan ou pou jenn mouton, belye ak kabrit yo. Nan tout sa yo, yo te kliyan ou."

22 ""Vandè a 27:22 Jen 10:7Séba ak Raema yo te trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak ."

23 ""Charan, Canné, ak 27:23 II Wa 19:12Éden, machann a Séba, Assyrie, ak Kilmad yo te komès ak ou." 24 Yo te komès ak ou nan bèl abiman, nan vètman an ble ak bwodri fen, nan tapi a tout koulè, ak kòd trese byen sere, ki te pami machandiz ou yo.

25 27:25 És 2:16 ""Bato a Tarsis yo te transpòte machandiz ou yo.

Epi ou te vin ranpli,

te tèlman vin bèl nan lanmè yo.

26 Mèt zaviwon yo te mennen ou nan 27:26 Éz 26:19gwo dlo.

Van lès la te vin kraze ou nan lanmè yo.

27 Richès ou yo, byen ou yo, machandiz ou yo,

maren ak pilòt ou yo,

Gwo bòs pou ranje bato yo,

vandè ki komès machandiz,

Ak tout mesye lagè ki nan ou yo,

ak tout twoup ki pami ou a,

va tonbe antre nan lanmè yo nan jou

boulvèsman ou an.

28 Nan son kri a pilòt ou yo,

patiraj yo va 27:28 Éz 26:10-18souke.

29 Tout moun ki konn manyen zaviwon,

27:29 Rev 18:17-19 mesye maren ak tout pilòt lanmè yo

va desann kite bato yo.

Yo va kanpe atè,

30 epi yo va vwa yo vin tande sou ou,

e yo va kriye anmè.

Yo va 27:30 I Sam 4:12jete pousyè sou tèt yo.

Yo va vire tounen nan mitan sann yo.

31 Anplis, yo va tèt yo vin chòv pou ou,

e mare senti yo ak twal sak.

Yo va kriye pou ou nan amètim nanm yo,

ak yon plenyen byen anmè.

32 Anplis, nan gwo kri yo , yo va leve yon

27:32 Éz 26:17 lamantasyon pou ou, e menm kriye pou ou:

Se kilès ki tankou Tyr, tankou sila ki

rete an silans nan mitan lanmè a?

33 tout byen ou yo te sòti toupatou sou lanmè yo,

ou te anpil pèp kontan.

Ak 27:33 Éz 27:12-18fòs kantite richès ak machandiz ou yo,

ou te wa latè yo vin rich.

34 Alò, nan moman an, ou vin kraze nèt pa lanmè yo,

nan fon dlo yo,

27:34 Za 9:3-4 machandiz ou ak tout twoup ou yo

te tonbe pami ou.

35 Tout 27:35 És 23:6sila ki rete nan peyi kot lanmè yo

te vin efreye de ou,

e wa yo vin plen ak gwo laperèz.

Vizaj yo vin twouble.

36 Komèsan pami pèp yo vin sifle anlè kon koulèv sou ou.

Lafèn ou te vreman etonnan,

e ou 27:36 Sòm 37:10-36p ap la ankò, jis pou tout tan.""

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também