Pular para o conteúdo
Publicidade

Ézéchiel 3

1 Li te di mwen: "Fis a lòm, manje sa ou jwenn. 3:1 Éz 2:9Manje woulo sa a pou ale pale ak lakay Israël."

2 Konsa, mwen te louvri bouch mwen e3:2 Jr 25:17Li te lonje ban m woulo a pou manje.

3 Li te di mwen: "Fis a lòm, bay vant ou manje, e plen ou ak woulo sa ke Mwen ap bay ou a."

Alò, mwen te manje li. Li te dous kon siwo myèl nan bouch mwen.

4 Konsa, Li te di mwen: "Fis a lòm, ale lakay Israël pou pale pawòl Mwen yo avèk yo. 5 Paske 3:5 Jon 1:2ou p ap voye kote yon pèp ak langaj ki difisil, men a pèp Israël la. 6 Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo. 7 Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. 3:7 I Sam 8:7Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon. 8 Gade byen, Mwen te fin figi ou di kont figi yo, e fwontèn ou di kont fwontèn yo. 9 Tankou dyaman, pi di pase silèks, Mwen te fwontèn ou. Pa krent yo ni vin twouble devan yo, malgre yo se yon kay rebèl."

10 Anplis, Li te di mwen: "Fis a lòm, pran mete nan ou tout 3:10 Job 22:22pawòl Mwen yo, ke Mwen va pale a ou e koute ak atansyon. 11 Ale kote egzile yo, fis a pèp ou yo. Pale ak yo e di yo, menm si yo koute oswa yo pa koute: Konsa pale Senyè BONDYE a."

12 Konsa, 3:12 Éz 3:14Lespri a te leve mwen monte e mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde dèyè m: "Beni se glwa SENYÈ a nan plas Li a." 13 Epi mwen te tande zèl a kreyati vivan yo, youn k ap touche lòt e bri a 3:13 Éz 1:15wou yo kote yo, menm yon gwo bri k ap gwonde. 14 Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e 3:14 II Wa 3:15men SENYÈ a te sou mwen. 15 Konsa, mwen te vini kote egzile ki te rete akote rivyè Kebar yo nan Thel-Abib. Mwen te chita la, etonen nèt pandan 3:15 Job 2:13sèt jou kote yo te rete a.

16 3:16 Jr 42:7 Nan fen sèt jou yo, pawòl SENYÈ a te vini sou mwen e te di: 17 "Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon 3:17 És 52:8gadyen pou lakay Israël. Depi ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen. 18 Mwen di a mechan an: Ou va, anverite, mourie ou pa avèti li, ni pale pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men 3:18 Éz 3:20san li, mwen va egzije li soti nan men ou. 19 Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou 3:19 Éz 14:14-20delivre nanm ou."

20 "Ankò, 3:20 Sòm 125:5yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou. 21 Sepandan, si ou te 3:21 Trav 20:31avèti nonm dwat la ke moun ladwati pa dwe peche, e li pa peche, li va anverite viv, akoz li te koute avètisman an; epi ou delivre nanm ou."

22 Men a SENYÈ a te sou mwen la, e Li te di m: "Leve ou menm, ale deyò nan plèn nan, epi la, Mwen va 3:22 Trav 9:6pale avèk ou."

23 Konsa, mwen te leve ale nan plèn nan. Epi gade byen, 3:23 Éz 1:28glwa a SENYÈ a te kanpe la, tankou glwa ke m te akote rivyè Kebar a. Epi mwen te tonbe sou figi m.

24 Nan sa a, 3:24 Éz 2:2Lespri a te antre nan mwen. Li te m kanpe sou pye m, Li te pale avè m e te di mwen: "Ale, fèmen tèt ou anndan lakay ou. 25 Selon ou menm, fis a lòm, y ap 3:25 Éz 4:8mete kòd sou ou pou mare ou ak yo. Konsa, ou p ap ka sòti deyò pami yo. 26 3:26 Éz 24:27Mwen va lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka yo repwoch, paske lakay yo rebèl. 27 Men 3:27 Éz 24:27M pale ak ou, Mwen va ouvri bouch ou e ou va di yo: Konsa pale Senyè BONDYE a. Sila ki tande a, kite li tande; epi sila ki refize tande a, kite li refize; paske yo se yon kay rebèl."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também