Pular para o conteúdo
Publicidade

Ézéchiel 38

1 Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di: 2 "Fis a lòm, mete figi ou 38:2 Éz 38:3-18Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li. 3 Di l: Konsa pale Senyè BONDYE a: "Gade byen, Mwen kont ou, O Gog, prens a Rosch la, Méschec ak Tubal. 4 Mwen va ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va 38:4 És 43:17rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe; 5 38:5 II Kwo 36:20Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas; 6 Gomer ak tout twoup li yo; 38:6 Jen 10:3Beth-Togarma soti kote ki pi lwen nan a avèk tout twoup li yoanpil moun avèk ou."

7 38:7 És 8:9 ""Prepare ou e rete prepare, ou menm ak tout twoup ki rasanble antoure ou yo. Veye byen sou yo. 8 Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan teren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki 38:8 És 11:11rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout. 9 Ou va monte. Ou va vini 38:9 És 5:28tankou yon tanpèt. Ou va tankou yon nwaj k ap kouvri peyi a, ou menm ak tout twoup ou yo, ansanm ak anpil lòt nasyon yo."

10 "Konsa pale Senyè BONDYE a: 38:10 Sòm 36:4"Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan. 11 Konsa ou va di: Mwen va monte kont peyi a ak 38:11 Za 2:4vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fòje ni pòtay yo, 12 pou 38:12 És 10:6kaptire e sezi piyaj la, pou vire men ou kont kote dezè ki, koulye a, gen moun yo, e kont pèp ki vin rasanble soti nan nasyon yo, ki te vin genyen byen ak bèt, ki viv nan mitan mond lan.13 Séba, Dedan, komèsan 38:13 Éz 27:12Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo ou pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak , pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?"

14 "Pou sa, pwofetize, fis a lòm e di a Gog: Konsa pale Senyè BONDYE a: "Nan jou ke pèp Mwen an ap 38:14 Jr 23:6viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa? 15 Ou va sòti nan plas kote ki pi lwen yo nan a, ou menm ak anpil pèp avèk ou, yo tout ap galope cheval, yon gwo asanble e yon lame pwisan. 16 Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen M fin 38:16 És 5:16sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo."

17 "Konsa pale Senyè BONDYE a: "Èske ou se moun sou sila ke M te pale nan ansyen jou yo pa sèvitè Mwen yo, pwofèt Israël yo? Sila ki te 38:17 És 5:26-29pwofetize nan jou sa yo pandan anpil ane pou M ta mennen ou kont yo? 18 Li va vin rive nan jou sila a, Gog monte kont peyi Israël", deklare Senyè BONDYE a: "ke gwo chalè mekontantman Mwen va monte nan 38:18 Sòm 18:8-15kòlè Mwen. 19 Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo 38:19 Jl 3:16tranbleman detè nan peyi Israël. 20 38:20 Jr 4:24-25Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè. 21 Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo", deklare Senyè BONDYE a. 38:21 Jij 7:22"Nepe a tout moun va kont frè yo. 22 Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an 38:22 És 66:16jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf. 23 Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e 38:23 Sòm 9:16tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a."

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também