Publicidade

Conversão

Por Bíblia Online

A conversão é o ato de se voltar para Deus — arrependendo-se do pecado e abraçando a graça. É o início de uma vida nova, transformada pelo amor de Cristo.

Arrependei-vos

Arrependei-vos e convertei-vos para que os vossos pecados sejam apagados. A conversão começa com a mudança de mente e coração.

"Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a;

Pierre te di yo: "Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an.

"Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti,

Depi lè sa a, Jésus te kòmanse preche. Li te di:"Repanti, paske wayòm syèl la pwòch."

Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.

Li te di: "Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la."

O amor de Deus converte

Céu se alegra por um pecador que se arrepende. Deus não deseja a morte do ímpio, mas que se converta e viva.

"Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.

"Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti."

Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.

Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri," deklare Senyè BONDYE a. "Akoz sa, repanti pou viv."

"Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri.

Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: "Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di:

‘Papa yo manje rezen si yo,

epi dan timoun yo va kanpe apik’?

"Jan Mwen viv la", deklare Senyè BONDYE a: "nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò. Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.

"Men si yon nonm dwat

e li aji ak jistis ak ladwati,

pou l pa manje nan lotèl mòn yo,

ni leve zye li vè zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—

Si yon nonm pa oprime okenn moun,

men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt,

epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou

e kouvri moun toutouni ak rad,

si li pa prete moun lajan ak enterè, ni pran plis,

si li gade men l pou l pa fè inikite,

e egzekite yon vrè jistis antre moun ak moun,

si li mache nan règleman Mwen yo,

ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite;

li se yon moun dwat,

e anverite, li va viv," deklare Senyè BONDYE a.

"Alò, li kapab gen yon fis ki volè, ki vèse san, e ki fè nenpòt nan bagay sa yo,

o malgre li pa t fè okenn nan bagay sa yo,

men li konn manje kote lotèl mòn yo

e souye ak madanm a vwazen li,

Oprime malere ak endijan,

te fè vòl desepsyon an,

pa remèt sa li pwomèt,

epi te leve zye li a zidòl,

te komèt abominasyon,

te prete lajan sou enterè

pou l pran benefis sou malere;

èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.

"Alò, gade byen, si li gen yon fis ki te wè tout peche papa l te komèt, e lè l wè sa, li fè lakrent pou l pa fè menm jan.

"Li pa manje nan lotèl mòn yo

ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

Ni oprime okenn moun,

ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te fè,

ni pa vòlè, men li bay pen li a moun grangou yo

e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,

Li retire men li sou malere a,

li pa egzije enterè, ni pwofi,

men li fè règleman Mwen yo

e mache nan lòd mwen yo;

li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv. Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.

"Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv. Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.

"Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?" deklare Senyè BONDYE a: "pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?"

"Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.

"Men nou di: ‘Wout Senyè pa dwat.’ Koute koulye a, O lakay Israël! Èske wout Mwen an pa dwat? Èske chemen Mwen pa nivo? Èske se pa chemen pa nou an ki pa nivo? Lè yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li mouri nan inikite li te fè a. Ankò, lè yon nonm mechan vire kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan. Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri. Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?

"Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li," deklare Senyè BONDYE a. "Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri," deklare Senyè BONDYE a. "Akoz sa, repanti pou viv."

Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

Transformação

Voltai-vos para mim e sereis salvos! Rasgai o coração e não as vestes. A verdadeira conversão transforma o interior.

Kite mechan an abandone chemen li an,

ak pechè a, panse li yo.

Kite li retounen kote SENYÈ a

e Li va gen mizerikòd sou li;

anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

Mwen te efase transgresyon ou yo

tankou yon nwaj byen pwès,

ak peche ou yo tankou yon nwaj.

Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou."

"Koulye a menm", deklare SENYÈ a,

"retounen kote Mwen ak tout kè nou;

avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon."

Konsa, rann kè nou, olye vètman nou."

Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

paske Li plen gras ak mizerikòd,

lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

e konn ralanti nan fè malè.

epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.

Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la. Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a. Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem. Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a. Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a.

Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: "O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo. Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a. Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou. Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li."

Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo. Sepandan, kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem. Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.

Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran. Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an. Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a. Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo. Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a. Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: "Ke SENYÈ a kapab padone tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a."

Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te geri pèp la. Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a. Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.

Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan. Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm. Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo. Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la. Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.

Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a. Li te di: "SENYÈ a te fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: "Retounen vin jwenn Mwen," deklare SENYÈ dèzame yo: "Pou M kapab retounen vin jwenn nou," pale SENYÈ dèzame yo. "Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a. Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?

"Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’"

Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval blan.

Konsa, mwen te di: "O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?"

Epi zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: "Mwen va montre ou kisa yo ye."

Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: "Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè patwouj sou latè."

Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: "Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen tout tè a kalm. Li gen lapè." Epi zanj SENYÈ a te di: "O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?"

SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme. Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: "Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: "Mwen jalou depase pou Jérusalem ak Sion. Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an." Akoz sa, SENYÈ a di konsa: "Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladann l", deklare SENYÈ dèzame yo; " epi yon lign va vin tire sou Jérusalem."’

"Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: "Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò."’"

Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: "Kisa sa yo ye?"

Li te reponn mwen: "Sa yo se kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo." SENYÈ a te montre mwen kat gwo bòs fòjewon. Mwen te di: "Se kisa sa yo ap vin fè?" Epi li te di: "Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a."

"Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri.

Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.

Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.

Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-