Deus é amor
Deus é amor — esta é a declaração mais profunda da Bíblia sobre a natureza divina. Tudo que Deus faz nasce do amor. Quem permanece no amor permanece em Deus.
A natureza de Deus
Deus é amor. Quem permanece no amor, permanece em Deus e Deus nele. Ele nos amou primeiro com amor eterno.
Byeneme yo, kite nou renmen yon ak lòt, paske lamou se ne de Bondye, epi konnen Bondye. Sila ki pa gen lamou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lamou.
Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
Nenpòt ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye. Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou.
Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.
Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
"Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
O amor de Deus revelado
Deus prova o seu amor em que Cristo morreu por nós quando ainda éramos pecadores. Seu amor é compassivo e eterno.
Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.
Men Ou menm, O SENYÈ,
Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.
Lanmou dous Ou chè, O Bondye!
Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Se kilès ki yon Bondye tankou Ou,
ki padone inikite,
e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li?
Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an,
akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.
Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.