Publicidade

Salmos 63

Yon Sòm David, l te nan dezè Juda a.

1 O Bondye, Ou se Bondye mwen.

Mwen va chache Ou ak tout m.

Nanm mwen 63:1 Sòm 42:2 swaf pou Ou.

Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.

2 Konsa, mwen 63:2 Sòm 27:4 te Ou nan sanktiyè a,

ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.

3 Akoz 63:3 Sòm 69:16 lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

lèv mwen va louwe Ou.

4 Pou sa, mwen va beni Ou 63:4 Sòm 104:33 tout tan ke m viv.

Mwen va leve men m nan non Ou.

5 Nanm mwen 63:5 Sòm 36:8 satisfè konsi avèk ma zo ak grès,

e bouch mwen ap ofri lwanj

avèk lèv ranpli de jwa.

6 m sonje Ou sou kabann mwen,

mwen medite sou Ou nan 63:6 Sòm 16:7 vèy de nwi la.

7 Paske Ou te konn sekou mwen.

Nan 63:7 Sòm 17:8 lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.

8 Nanm mwen 63:8 Nonb 32:12 kole ak Ou.

Men dwat Ou m kenbe.

9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,

va desann 63:9 Sòm 55:15 jis nan fon latè.

10 Yo va 63:10 Jr 18:21 livre a pouvwa nepe.

Yo va tounen manje pou rena mawon.

11 Men Wa a va rejwi nan Bondye.

Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.

Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-