Educação das crianças
A educação cristã dos filhos é responsabilidade sagrada dos pais. A Bíblia ensina a instruir, disciplinar e modelar a fé desde a tenra idade, formando gerações que temem ao Senhor.
Instruir nos caminhos de Deus
Instrui a criança no caminho em que deve andar. A educação bíblica molda o caráter e estabelece fundamentos para a vida.
Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
Li ouvri bouch li avèk sajès
e enstriksyon ladousè sou lang li.
Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’
Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.
Disciplina e amor
A vara e a repreensão dão sabedoria. A disciplina é expressão de amor que protege e forma o caráter dos filhos.
Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
Pa ralanti disiplin sou yon timoun;
malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
Ou va frape li ak baton
pou delivre nanm li de sejou mò yo.
Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;
pa chache lanmò li.
Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin?
Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
Ensinar pelas Escrituras
Desde a infância conheces as sagradas letras. As Escrituras formam, equipam e capacitam para toda boa obra.
Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen.
Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.
Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl.
Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,
ke nou te tande, konnen e ke
papa zansèt nou yo te fè nou konprann.
Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
ke nou te tande, konnen e ke
papa zansèt nou yo te fè nou konprann.
Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
Paske Li te etabli yon temwayaj
nan Jacob e te chwazi yon lwa an Israël,
sou sila Li te kòmande papa zansèt nou yo
pou yo ta enstwi yo a pitit pa yo.
Ke jenerasyon k ap vini an ta kab konnen.
Menm pou sila ki poko fèt yo,
pou yo ta kab leve e pale yo a pitit yo,
pou yo kab mete konfyans yo
nan Bondye e pa bliye zèv Bondye yo,
men kenbe kòmandman Li yo.
O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm ki kache nan Li a beni!
Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
p ap manke okenn bon bagay.
Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
Bênção e promessa
Os filhos são herança do Senhor. A educação cristã é investimento eterno que produz frutos em todas as gerações.
Konsa, Jésus te di: "Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo".
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf
e vwa dlo sou tè ki sèch.
Mwen va vide Lespri M sou ras ou
e benediksyon sou desandan ou yo;
Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman,
tankou mwen menm, mwen fè jodi a.
Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.
Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;
pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.