Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 34

Yon Sòm David l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.

1 Mwen va 34:1 Ef 5:20beni SENYÈ a nan tout tan.

Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.

2 Nanm mwen va 34:2 Jr 9:24glwa li nan SENYÈ a.

Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

3 O leve SENYÈ a byen wo avè m.

Annou 34:3 Sòm 18:46leve non L wo ansanm.

4 Mwen te 34:4 Mat 7:7chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,

epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.

5 Yo te gade Li, e te vin ranpli ak limyè.

Figi yo 34:5 Sòm 25:3p ap janm wont.

6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,

epi 34:6 Sòm 34:4te sove li sòti nan tout twoub li yo.

7 34:7 Sòm 91:11 Zanj SENYÈ a kan antoure sila ki krent Li yo,

epi li sove yo nan gwo twoub.

8 O goute e ke Bondye bon.

A la beni nonm 34:8 Sòm 2:12ki kache nan Li a beni!

9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki 34:9 Sòm 31:23sen Li yo.

Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.

10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,

men sila ki chache SENYÈ yo,

34:10 Sòm 84:11 p ap manke okenn bon bagay.

11 Vini, pitit, koute mwen.

Mwen va enstwi ou nan 34:11 Sòm 111:10lakrent SENYÈ a.

12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen

jou li yo pou li kapab 34:12 Ekl 3:13sa ki bon?

13 Kenbe 34:13 Pwov 13:3lang ou apa de sa ki mal,

e lèv ou pou pa bay manti.

14 Kite sa ki mal la epi sa ki bon.

34:14 És 1:16 Chache lapè e efò pou twouve li.

15 34:15 Job 36:7 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.

Zòrèy Li koute kri yo.

16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo,

pou 34:16 Am 9:4efase memwa yo sou a.

17 34:17 Sòm 34:6 Moun dwat kriye.

SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

18 SENYÈ a pre sila ak kase yo,

epi sove sila ki 34:18 És 57:15kraze nan lespri yo.

19 Anpil, se 34:19 II Tim 3:11afliksyon a moun dwat la,

men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

20 Li konsève tout zo li yo.

34:20 Jn 19:33-36 Pa menm youn nan yo va kase.

21 Se 34:21 Sòm 94:23mechanste ki va touye mechan an.

Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.

22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.

P ap gen nan sila ki 34:22 Sòm 37:40kache nan Li yo

k ap kondane.

Veja também