Filhos
Os filhos são herança do Senhor — bênção e responsabilidade sagrada. A Bíblia orienta sobre a criação dos filhos com amor, disciplina e instrução nos caminhos de Deus.
Herança do Senhor
Os filhos são herança do Senhor e o fruto do ventre é seu galardão. Bem-aventurado o homem que enche deles a sua aljava.
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
Lè ou manje nan fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
Madanm ou ap tankou yon chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
Lè ou manje nan fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
Madanm ou ap tankou yon chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi,
e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal.
Desandan li yo va pwisan sou latè.
Jenerasyon ladwati a va beni.
Bondye te beni yo; Li te di yo, "Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a".
Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo.
Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.
Instruir e disciplinar
Instrui a criança no caminho em que deve andar, e quando envelhecer não se desviará dele. Disciplina é amor em ação.
Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
Pa ralanti disiplin sou yon timoun;
malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
Pwovèb a Salomon yo.
Yon fis ki saj fè papa li kontan,
men yon fis ki plen ak foli
se yon gwo doulè pou manman l.
Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.
O amor de Deus por crianças
Deixai vir a mim as crianças. Jesus acolheu, abençoou e honrou as crianças como modelo de fé e humildade.
Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: "Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo.
Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.
Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
Bênção e promessa
O Senhor te abençoe e te guarde. Os filhos dos justos serão abençoados e suas gerações caminharão na retidão.
SENYÈ a beni nou e kenbe nou;
SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou;
epi fè gras anvè nou;
SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou,
e bannou lapè.’
Koulye a, ke Bondye kapab ba ou
lawouze syèl la, ak grès tè a,
anpil sereyal chan avèk diven nèf.
Ke anpil pèp vin sèvi ou,
e ke nasyon yo bese devan ou.
Vin mèt sou frè ou yo,
e lese fis a manman ou yo
vin bese a ou menm.
Modi va sila ki modi ou yo.
Beni va sila ki beni ou yo."
Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf
e vwa dlo sou tè ki sèch.
Mwen va vide Lespri M sou ras ou
e benediksyon sou desandan ou yo;
konsa, yo va vin vòltije pami zèb
kon bwa akote sous dlo.’
Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;
pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.
Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo; Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.
Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.
Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.
Mwen va bay Ou anpil remèsiman,
paske mwen fèt yon fason mèvèye.
Zèv Ou yo depase bon konprann
e nanm mwen byen konnen sa.
Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,
e tise kon mèvèy etonnan nan fon tè a.
Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
Sou Ou, mwen te depann depi nesans mwen.
Ou te Bondye mwen depi nan vant manman m.
Mwen te jèn e koulye a, mwen fin granmoun,
men mwen poko wè moun dwat ki abandone,
ni desandan li yo k ap mande pen.
Tout lajounen, moun dwat la
plen ak gras pou prete moun.
Desandan li yo se yon benediksyon.
Nou p ap kache yo a pitit nou yo,
men nou va pale a jenerasyon k ap vini yo, tout lwanj SENYÈ a,
fòs Li ak gran mèvèy ke Li te konn fè yo.
Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;
A la beni fis ki vini apre li yo beni!
Criação e obediência
Pais, criai vossos filhos na disciplina e instrução do Senhor. Filhos, obedecei a vossos pais — isto é justo e agradável a Deus.
Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.
men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repaye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
"‘Anplis, pitit nou ke nou te di ta devni yon piyaj la, ak fis nou ki nan jou sa a pa t gen konesans a ni sa ki bon ak sa ki mal, va antre la. Mwen va bay yo li, e yo va posede li.