Pular para o conteúdo
Publicidade

II Wa Yo 18

1 Alò, li te vin rive nan twazyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la ke 18:1 II Kwo 28:27Ézéchias, fis Achaz la, wa Juda a, te devni wa a. 2 Li te gen 18:2 II Kwo 29:1-2venn-senkan l te devni wa e li te renye pandan vent-nèf ane Jérusalem. Non manman li se te Abi, fi a Zacharie a. 3 18:3 II Wa 20:3Li te sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo, David te konn . 4 18:4 II Wa 18:22Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso 18:4 Nonb 21:21-29sèpan an bwonz ke Moïse te a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan. 5 18:5 II Wa 19:10Li te mete konfyans li nan SENYÈ a, Bondye Israël la, 18:5 II Wa 23:25jiskaske, apre li, pa t gen tankou li nan tout wa Juda yo, ni nan sila ki te avan l yo. 6 Paske li te 18:6 Det 10:20kenbe fèm a SENYÈ a. Li pa t varye nan swiv Li, men li te kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo. 7 Epi SENYÈ a te avèk li. Nenpòt kote li te ale, li te reyisi. Li te rebèl kont wa a Assyrie a e li pa t sèvi li. 18:7 II Wa 16:7 8 18:8 II Kwo 28:18Li te venk Filisten yo soti rive nan Gaza avèk teritwa li, soti nan tou kay gad yo, jis rive nan gwo vil fòtifye a.

9 Alò, nan katriyèm ane Wa Ézéchias la, ki te setyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la, 18:9 II Wa 17:3-7Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont Samarie, e te syèj kont li. 10 Nan fen twazan, yo te kaptire li, epi nan sizyèm ane Ézéchias la, ki te 18:10 II Wa 17:6nan nevyèm ane Osée a, wa Israël la, Samarie te vin kaptire. 11 Konsa, wa Assyrie a te pote Israël ale an egzil nan Assyrie, e li te mete yo nan 18:11 I Kwo 5:26Chalach sou rivyè Gozan nan vil a Mèdes yo, 12 paske yo 18:12 I Wa 9:6pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni yo.

13 18:13 II Kwo 32:1 Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo. 14 Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: 18:14 II Wa 18:7"Mwen te mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l." Pou sa, wa Assyrie a te demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan . 15 18:15 I Wa 15:18-19Ézéchias te bay tout ajan ki te twouve nan kay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a. 16 Nan tan sa a, Ézéchias te koupe retire nan pòt tanp SENYÈ a, avèk chanbrann pòt ke Ézéchias, wa Juda a, te kouvri a e li te bay li a wa Assyrie a.

17 Epi wa Assyrie a te voye 18:17 II Wa 19:2Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la. 18 yo te rele wa a, 18:18 II Wa 19:2Élikiam, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la ak Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te parèt kote yo. 19 Epi Rabschaké te di yo: "Pale koulye a a Ézéchias: Konsa pale gran wa a, wa Assyrie a: 18:19 II Kwo 32:10"Ki kalite konfyans sa ke ou genyen an? 20 Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): Mwen gen konsèy avèk pwisans pou lagè.Alò, sou kilès ou depann, 18:20 II Wa 18:7pou ou vin rebèl kont mwen an? 21 Alò, veye byen, ou 18:21 És 30:2-7depann de baton a wozo kraze sa a, sou Égypte menm. Sou sila si yon nonm apiye, l ap fonse antre nan men l e pèse l nèt. Se konsa, Farawon va ye pou tout sila ki depann de li yo. 22 Men si ou di mwen: Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an, se pa li menm pou sila 18:22 II Wa 18:4Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?23 Pou sa, vini, yon antant avèk mèt mwen, wa a Assyrie a, e mwen va ba ou de mil cheval, si ou kab menm mete moun sou do yo. 24 Kijan ou kab reziste a menm youn nan pi piti a sèvitè mèt mwen yo e depann de Égypte pou cha ak chevalye? 25 Èske se san soutyen SENYÈ a ke m vin monte kont plas sa a pou detwi li? SENYÈ a te di m Monte kont plas sa a pou detwi l.""

26 Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: "Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an 18:26 Esd 4:7Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo."

27 Men Rabschaké te di yo: "Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?"

28 Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa an Jideyen. Li te di: "Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a! 29 Konsa pale wa a! 18:29 II Kwo 32:15Pa kite Ézéchias twonpe nou, paske li p ap kab delivre nou pou sòti nan men m. 30 Ni pa kite Ézéchias mennen nou pou mete konfyans nan SENYÈ a, pou l di: "SENYÈ a va anverite delivre nou, e vil sa a p ap livre nan men a gran wa a Assyrie a." 31 Pa koute Ézéchias.Paske konsa pale wa Assyrie a: lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou 18:31 I Wa 4:20-25chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou, 32 jiskaske mwen rive pou pran nou ale nan 18:32 Det 8:7-9yon lòt peyi, yon peyi ak sereyal avèk diven nèf, yon peyi avèk bwa doliv ak siwo myèl, pou nou kapab viv e pa mouri.Men pa koute Ézéchias li mal dirije nou pou di: SENYÈ a va delivre nou.33 18:33 II Wa 19:12Èske okenn nan dye a peyi sila yo te delivre peyi pa yo a devan men wa a Assyrie a? 34 18:34 II Wa 19:13 Kote dye a Hamath yo oswa Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo, oswa Héna avèk Ivva yo? Èske yo te delivre Samarie pou l sòti nan men m? 35 Kilès pami tout dye a peyi yo ki te delivre peyi pa yo devan men m, 18:35 Sòm 2:1-3 pou SENYÈ a ta dwe delivre Jérusalem soti nan men m?"

36 Men pèp la te rete an silans e pa t reponn menm yon mo; paske lòd a wa a se te "Pa reponn li". 37 Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias 18:37 II Wa 6:30 avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também