Pular para o conteúdo
Publicidade

II Wa Yo 22

1 22:1 II Kwo 34:1 Josias te gen laj uitan l te vin wa a e li te renye tranteyen ane Jérusalem. Non manman li te Jedida, fi Adaja a nan Botskath. 2 Li te 22:2 Det 5:32sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.

3 Alò, 22:3 II Kwo 34:8nan di-zuityèm ane Wa Josias la, wa a te voye Schaphan, fis a Atsalia a, fis a Meschullam nan, skrib la, lakay SENYÈ a. Li te di: 4 22:4 II Wa 12:4-10"Monte kote Hilkija, wo prèt la, pou li kapab kontwole lajan ki antre lakay SENYÈ a, lajan ke gadyen pòtay yo te ranmase soti nan pèp la. 5 22:5 II Wa 12:11-14Kite yo livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a e kite yo bay li a ouvriye ki lakay SENYÈ a pou repare donmaj nan kay la; 6 pou chapant yo, konstriktè yo avèk mason yo e pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou reparasyon kay la. 7 Sèlman, 22:7 II Wa 12:15nou p ap kontabilite pou lajan ki livre nan men yo, paske yo aji an bòn fwa."

8 Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: 22:8 Det 31:24-26"Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a." Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li. 9 Schaphan, skrib la, te rive kote wa a. Li te pote pawòl la kote wa a, e li te di: "Sèvitè ou yo te vide lajan ki te twouve nan kay la e yo te livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a." 10 Anplis, Schaphan, skrib la, te pale wa a e te di: "Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv." Epi Schaphan te li li nan prezans a wa a.

11 wa a te tande pawòl a liv lalwa a, 22:11 Jen 37:34li te chire rad li. 12 Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, 22:12 II Wa 25:22Achikam fis a Schaphanb la, 22:12 II Kwo 34:20Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a: 13 "Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske 22:13 Det 29:23-28gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou selon tout sa ki ekri konsènan nou."

14 Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan 22:14 So 1:10Katye Second lan). Yo te pale avèk li. 15 Li te di yo: "Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: Pale nonm ki te voye ou kote mwen an, 16 Konsa pale SENYÈ a: "Gade byen, Mwen va 22:16 Det 29:27pote malè sou plas sa a ak sou sila ki rete ladann yo, menm tout pawòl a liv sa a ke wa Juda te di yo. 17 22:17 Det 29:25-26Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn."18 Men pou 22:18 II Kwo 34:26wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: "Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, selon pawòl ke ou te tande yo: 19 22:19 Sòm 51:17Akoz ou te vin mou e 22:19 Egz 10:3ou te imilye ou devan SENYÈ a ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,deklare SENYÈ a. 20 Pou sa, byen gade, Mwen va 22:20 II Wa 23:30ranmase ou a zansèt pa ou yo e ou va ranmase rive nan tonm pa ou a anpè. Zye ou p ap tout mal ke Mwen va mennen sou plas sa a."

Konsa, yo te mennen pote pawòl la bay wa a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também