Pular para o conteúdo
Publicidade

II Wa Yo 8

1 Alò, Élisée te pale ak fanm a fis ki te geri a. Li te di: "Leve ale avèk tout lakay ou e ale viv nenpòt kote ou kab ale viv; paske SENYÈ a te deklare yon gwo grangou e 8:1 Jen 41:27-54 sa va rive menm sou peyi a pandan sèt ane."

2 Konsa, fanm nan te leve e te selon pawòl a nonm Bondye a. Li te ale avèk lakay li pou te vin viv nan peyi Filisten yo pandan sèt ane. 3 Nan fen sèt ane yo, fanm nan te retounen soti nan peyi Filisten yo. Konsa, li te soti deyò pou demann a wa a pou lakay li avèk chan li. 4 Alò, wa a t ap pale avèk 8:4 II Wa 4:12Guéhazi, sèvitè a nonm Bondye a, e li t ap di: "Souple, m konnen tout gran bagay ke Élisée te konn yo." 5 Pandan li t ap pale wa a 8:5 II Wa 4:35ki jan li te restore lavi a sila ki te mouri an, men vwala, fanm a fis ke li te resisite a, te demann nan pou afè chan pa li a. Epi Guéhazi te di: "Mèt mwen, wa a, sa se fanm nan e sa se fis li a, ke Elisée te restore lavi a."

6 wa a te mande fanm nan, li te pale li sa a. Konsa, wa a te chwazi pou li yon sèten ofisye, e li te di: "Restore a li menm tout sa ki te pou li, ak tout pwodwi a chan li soti jou ke li te kite a jis rive koulye a."

7 Konsa, Élisée te vin Damas. Alò, 8:7 II Wa 6:24 Ben-Hadad, wa Syrie a, te malad. Yo te di li: 8:7 II Wa 5:20"Nonm Bondye a gen tan rive isit la."

8 Wa a te di a Hazaël: 8:8 I Wa 14:3"Pran yon kado nan men ou pou ale rankontre nonm Bondye a, e 8:8 II Wa 1:2mande a SENYÈ a selon li menm. Mande l: Èske mwen va refè de maladi sa a?"

9 Konsa, Hazaël te ale rankontre li avèk yon kado nan men l, menm de tout kalite bon bagay Damas, pote sou karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: 8:9 II Wa 5:13"Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou. Li te vle m mande pou li: Èske mwen va refè de maladi sa a?"

10 Alò, Élisée te di li: 8:10 II Wa 8:14"Ale pale li konsa, Ou va asireman refè;men SENYÈ a te montre mwen ke byensi, l ap mouri." 11 Li te gade l byen fiks, 8:11 II Wa 2:17jiskaske li te wont. Epi 8:11 Luc 19:41nonm Bondye a te kriye.

12 Hazaël te di: "Poukisa mèt mwen ap kriye a?"

Alò, li te reponn: "Paske mwen konnen mal la ke ou va a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, 8:12 II Wa 15:16pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt."

13 Epi Hazaël te di li: "Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta gwo bagay sa a?"

Élisée te reponn: 8:13 I Wa 19:15"SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie."

14 Konsa, li te pati kite Élisée pou te retounen kote mèt li, ki te mande l: "Se kisa ke Élisée te di ou?"

Epi li te reponn: "Li te di mwen ke ou ta asireman vin refè."

15 Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, 8:15 II Wa 8:10jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.

16 Alò, nan senkyèm ane 8:16 II Wa 1:17Joram, fis a Achab la, wa Israël la, pandan Josaphat te wa Juda, Joram, fis Josaphat la, wa Juda, te devni wa. 17 Li te gen 8:17 II Kwo 21:5-10 laj a trann-dezan li te devni wa, e li te renye uitan nan Jérusalem. 18 Li te mache nan chemen a wa Israël yo, jis jan ke lakay Achab te a, paske 8:18 II Wa 8:27fi Achab la te devni madanm li. Li te mal nan zye SENYÈ a. 19 Sepandan, SENYÈ a pa t gen volonte pou detwi Juda, pou koz David, sèvitè li a, 8:19 II Sam 7:12-15paske li te pwomèt li pou ba li toujou yon lanp a li menm pa fis li yo pou tout tan.

20 Nan jou pa li yo, 8:20 I Wa 22:47Édom te rebèl soti anba men Juda e yo te yon wa sou pwòp tèt pa yo. 21 Epi Joram te travèse kote Tsaïr e tout cha li yo avèk li. Li te leve nan lannwit pou te frape Edomit ki te antoure li avèk kapitèn a cha yo, 8:21 II Sam 16:17men lame pa li a te sove ale rive nan tant pa yo. 22 8:22 Jen 27:40Konsa, Édom te rebèl kont Juda jis rive jodi a. Alò, Libna te revòlte nan menm a. 23 Tout lòt zèv a Joram yo avèk tout sa ke li te yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a wa a Juda yo? 24 Konsa, 8:24 II Kwo 21:1-7Joram te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la. Epi Achazia te devni wa nan plas li.

25 Nan douzyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël, Achazia, fis a Joram nan te kòmanse renye. 26 8:26 II Kwo 22:2Achazia te gen venn-dezan l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la. 27 Achazia te 8:27 II Kwo 22:3mache nan chemen lakay Achab e te mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.

28 Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou lagè kont 8:28 II Wa 8:15 Hazaël, wa Syrie a nan 8:28 I Wa 22:3-29Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram. 29 Konsa, 8:29 II Wa 9:15Wa Joram te retounen nan Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li nan Rama a li te goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann Joram, fis Achab la nan Jizréel akoz li te malad la.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também