Pular para o conteúdo
Publicidade

II Wa Yo 2

1 Li te vin rive SENYÈ a te prèt pou 2:1 Eb 11:5ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk 2:1 I Wa 19:16-21Élisée sòti Guilgal. 2 Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: "Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel."

Men Élisée te di: 2:2 Rt 1:16"Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou." Konsa, yo te desann Béthel.

3 Alò, 2:3 II Wa 4:1-38fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: "Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?" Konsa, li te di:

"Wi, mwen konnen. Pa pale!"

4 Élie te di li: "Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen 2:4 Jos 6:26Jéricho."

Men li te di: "Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou". Konsa, yo te vini Jéricho.

5 2:5 II Wa 2:3 Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: "Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?"

Li te reponn: "Wi, mwen konnen; pa pale."

6 Konsa, Élie te di li: "Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan 2:6 Jos 3:8-17Jourdain an."

Li te reponn: "Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou." Konsa yo de a te avanse. 7 Alò 2:7 II Wa 2:15-16senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an. 8 Élie te 2:8 I Wa 19:13-19pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou sèch. 9 yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: "Mande sa ke m ta pou ou avan mwen retire m de ou."

Konsa, Élisée te di: "Souple, kite yon 2:9 Nonb 11:17-25pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen."

10 Li te di: "Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou 2:10 Trav 1:10 m m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt."

11 Pandan yo t ap wout yo e t ap prale, men vwala, 2:11 II Wa 6:17yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la. 12 Élisée te e te kriye : 2:12 II Wa 13:14"Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!"

Epi li pa t Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout. 13 Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an. 14 Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: "Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?" Epi l te 2:14 II Wa 2:8frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.

15 Alò, 2:15 II Wa 2:7fis a pwofèt ki te Jéricho yo te li, yo te di: "Lespri Élie a poze sou Élisée." Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li. 16 Yo te di li: "Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt 2:16 I Wa 18:12lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale."

Li te di: "Ou p ap voye yo."

17 Men 2:17 II Wa 8:11yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: "Voye yo".

Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li. 18 Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: "Èske mwen pa t di nou Pa ale?"

19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: "Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn a; men dlo a pa bon e a pa pwodwi anyen."

20 Li te di: "Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann." Konsa, yo te mennen ba li. 21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: "Konsa pale SENYÈ a: Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move a ankò." 22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.

23 Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò soti lavil la. Yo te 2:23 II Kwo 36:16moke li e te di li: "Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!" 24 li te gade dèyè li pou l te yo, li te 2:24 Né 13:25-27modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo. 25 Li te kite la pou rive 2:25 I Wa 18:19-20Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também