Pular para o conteúdo
Publicidade

II Wa Yo 20

1 20:1 II Kwo 32:24 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive nan pòt lanmò. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li e te di li: "Konsa pale SENYÈ a, Mete lakay ou an lòd; paske ou va mouri e ou p ap viv."

2 Konsa, Ézéchias te vire figi li miray la pou te priye a SENYÈ a. Li te di: 3 "Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou,20:3 II Wa 18:3-6 jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout m nan, ak jan mwen te sa ki bon nan zye Ou a." Epi Ézéchias te kriye byen anmè.

4 Avan Ésaïe te sòti nan mitan vil a, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di: 5 "Retounen pale ak Ézéchias, dirijan pèp mwen an: Konsa pale SENYÈ a, Bondye a zansèt ou a, David: 20:5 II Wa 19:20"Mwen te tande lapriyè pa w la. 20:5 Sòm 39:12Mwen te dlo ki sòti nan zye ou a. Men vwala, Mwen va geri ou. Nan twazyèm jou a, ou va monte lakay SENYÈ a. 6 Mwen va mete kenzan sou lavi ou e mwen va delivre ou avèk vil sa a soti nan men a wa Assyrie. 20:6 II Wa 19:24Mwen va defann vil sa a pou koz pa Mwen ak pou koz David, sèvitè Mwen an.""

7 Konsa, Ésaïe te di: "Pran yon gato figye etranje."

Yo te pran l e te mete li sou apse a, e li te vin refè.

8 Alò, Ézéchias te di a Ésaïe: "Ki sign ki va parèt ke SENYÈ a va geri mwen, e ke mwen va monte lakay SENYÈ a nan twazyèm jou a?"

9 Ésaïe te di: 20:9 És 38:7"Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa bak dis pa?"

10 Alò, Ézéchias te reponn: "Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li bak dis pa."

11 Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e 20:11 Jos 10:12-14Li te lonbraj la bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.

12 20:12 II Kwo 32:31 Nan tan sa a, Berodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt avèk yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke Ézéchias te konn malad. 13 Ézéchias te koute yo e montre yo 20:13 II Kwo 32:27tout kay trezò li a, ajan avèk , epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.

14 Alò, pwofèt la, Ésaïe, te vin kote Ézéchias. Li te mande li: "Kisa mesye sila yo te di e depi kibò yo sòti pou rive kote ou a?"

Epi Ézéchias te di: "Yo sòti nan yon peyi lwen, nan Babylone."

15 Li te di: "Kisa yo te lakay ou a?"

Ézéchias te reponn: "Yo te tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke m pa t montre yo."

16 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: "Tande pawòl SENYÈ a. 17 Veye byen, jou yo ap vini 20:17 II Kwo 36:10tout sa ki lakay ou avèk tout sa ke zansèt ou yo te mete an depo jis rive jou sa a va pote ale Babylone. Anyen p ap rete, pale SENYÈ a. 18 Kèk nan fis ou yo ki va sòti nan ou menm, ke ou va , va retire ale; epi yo va devni 20:18 Dan 1:3-7ofisye nan palè a wa Babylone nan."

19 Alò Ézéchias te di a Ésaïe: "Pawòl SENYÈ a ke ou te bay la 20:19 I Sam 3:18bon." Paske li te reflechi: "Èske se pa sa, si k ap gen lapè avèk verite nan jou mwen yo?"

20 20:20 II Kwo 32:32 Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te 20:20 Né 3:16sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 21 20:21 II Kwo 32:33Konsa, Ézéchias te dòmi avèk zansèt li yo e Manassé, fis li a, te devni wa nan plas li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também