Pular para o conteúdo
Publicidade

II Wa Yo 21

1 21:1 II Kwo 33:1-9 Manassé te gen laj douzan l te devni wa a e li te renye senkann-senk ane Jérusalem. Manman li te rele Hephtsiba. 2 Li te mal nan zye SENYÈ a, 21:2 II Wa 16:3selon tout abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te rache devan fis Israël yo. 3 Paske 21:3 II Wa 18:4li te rebati wo plas ke Ézéchias te detwi yo, epi 21:3 I Wa 16:31-33li te monte lotèl pou Baal yo, e li te yon Astarté, jan Achab, wa Israël la te pou te adore tout lame syèl la e te sèvi yo. 4 21:4 II Wa 16:10-16 Li te bati lotèl lakay SENYÈ a, sou sila SENYÈ a te di: "Nan Jérusalem, Mwen va mete non Mwen." 5 Li te bati lotèl pou tout lame syèl la nan 21:5 I Wa 7:12de lakou lakay SENYÈ a. 6 21:6 II Wa 16:3Li te fis li yo pase nan dife, 21:6 Lev 19:26-31 pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak ansanm ak lespri. Li te anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. 7 Anplis, 21:7 Det 16:21li te plase imaj a Astarté ke li te a, nan kay ke SENYÈ a te di a David avèk fis li a, Salomon: "Nan kay sila a ak Jérusalem nan, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. 8 Epi mwen 21:8 II Sam 7:10p ap pye Israël mache egare ankò deyò peyi ke m te bay a zansèt yo a, si sèlman, yo va obsève pou selon tout sa ke M te kòmande yo, selon tout lalwa ke sèvitè Mwen an, Moïse te kòmande yo." 9 Men yo pa t koute e Manassé te 21:9 Pwov 29:12sedwi yo pou mal plis ke nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.

10 Alò, SENYÈ a te pale pa sèvitè yo, pwofèt yo, e te di: 11 "Akoz Manassé, wa Juda a, te abominasyon sila yo, e te 21:11 Jen 15:16plis mechanste pase tout Amoreyen ki te avan li yo, e anplis, li te 21:11 II Wa 21:16Juda peche avèk zidòl pa li yo; 12 pou sa, konsa pale SENYÈ, Bondye Israël la: Gade byen, Mwen ap mennen yon tèlman gwo twoub sou Jérusalem avèk Juda, pou nenpòt moun ki tande koz li, toude zòrèy li va sonnen avèk sezisman. 13 21:13 És 34:11Mwen va lonje sou Jérusalem lizyè Samarie a, avèk fil aplon kay Achab la, e Mwen va siye Jérusalem jan yon moun ta siye yon plato. Konsa m ap siye li e vire li tèt anba. 14 Mwen va abandone retay eritaj Mwen an e Mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va vin piyaje e depouye pa tout lènmi yo, 15 akoz yo te mal devan zye Mwen e te pwovoke Mwen a lakòlè soti jou ke zansèt pa yo te sòti an Égypte la, menm rive jodi a."

16 21:16 II Wa 24:4 Anplis, Manassé te vèse san inosan jiskaske li te ranpli Jérusalem soti nan yon bout jis rive nan yon lòt. Li te sa, anplis, peche pa li avèk sila li te Juda peche nan mal devan zye SENYÈ a.

17 21:17 II Kwo 33:11-19 Alò, tout lòt zèv a Manassé yo avèk tout sa ke li te ak peche ke li te komèt yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 18 21:18 II Kwo 33:20Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.

19 21:19 II Kwo 33:21-23 Amon te gen venn-dezan l te devni wa e li te renye dezan Jérusalem. Manman li te rele Meschullémeth, fi a Haruts la, nan Jotba. 20 Li te mal nan zye a SENYÈ a, 21:20 II Wa 21:2-16jan Manassé, papa li te konn a. 21 Paske li te mache nan tout chemen ke papa li te konn mache yo, e li te sèvi zidòl ke papa li te konn sèvi, e te adore yo. 22 Konsa, 21:22 II Wa 22:17li te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo, e li pa t mache nan chemen SENYÈ a. 23 21:23 II Wa 12:20Sèvitè a Amon yo te konplo kont li e yo te touye wa a nan pwòp kay li. 24 Alò, 21:24 II Wa 14:5pèp peyi a te touye tout sila ki te konplo kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te Josias, fis li a, wa nan plas li. 25 Alò, tout lòt zèv ke Amon te yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo? 26 Li te antere nan tonm pa li 21:26 II Wa 21:18nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também