Honrar os pais
Honrar pai e mãe é mandamento de Deus com promessa de vida longa e feliz. A Bíblia ensina que respeitar, obedecer e cuidar dos pais é dever sagrado dos filhos.
O mandamento com promessa
Honra a teu pai e a tua mãe para que vá bem contigo e vivas muito tempo sobre a terra. É o primeiro mandamento com promessa.
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.
Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
Obedecer e respeitar
Filhos, obedecei a vossos pais no Senhor. Ouvir a instrução do pai e não desprezar o ensino da mãe traz sabedoria.
Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,
men yon mokè pa koute repwòch.
Koute papa ou ki te fè ou a,
e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.
Li te reponn yo: "E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo? Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’"
Li te reponn yo: "E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo? Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’"
Men nou di: "Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, li pa oblije onore ni papa l ni manman l". Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.
Consequências da desonra
A Bíblia adverte severamente contra a desonra aos pais. Quem amaldiçoa ou agride os pais enfrenta consequências sérias.
Sila ki atake papa li e chase manman l ale,
se yon fis ki fè wont ak dega patou.
Sila ki modi papa li oswa manman li an,
lanp li va etenn nan tan fènwa.
"Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman,
kòbo nan vale a va vin rache l,
e jenn èg yo va manje li.
Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.
Men konprann sa, ke nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo renmen lajan, ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon,
Cuidar dos pais
Quem não cuida dos seus, principalmente de sua família, negou a fé. Honrar os pais inclui respeitar os idosos.
men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repaye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.
Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
"‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
"‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.