Pular para o conteúdo
Publicidade

Provérbios 30

1 Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la:

nonm nan pale Ithiel,

a Ithiel ak Ucal:

2 "Anverite, mwen 30:2 Sòm 49:10pi bèt pase tout moun

e mwen pa gen konprann a yon nonm.

3 Mwen pa t aprann sajès,

ni mwen pa gen 30:3 Pwov 9:10konesans a Sila Ki Sen an.

4 Kilès ki te 30:4 Rev 19:12monte nan syèl la e te desann?

Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li?

Kilès ki te vlope dlo nan vètman li?

Kilès ki te etabli tout pwent yo?

Ki non li e ki non fis Li a?

Asireman, ou konnen!

5 "Tout 30:5 Sòm 12:6pawòl Bondye pase a leprèv;

Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.

6 30:6 Det 4:2 Pa ogmante sou pawòl Li yo,

oswa Li va repwoche ou

e ou va prèv ke se yon mantè ou ye.

7 "De bagay m te mande ou yo;

pa refize m yo avan m mouri:

8 desepsyon ak manti rete lwen mwen.

Pa ban m richès ni povrete.

Nouri mwen ak 30:8 Job 23:12manje ki se pòsyon pa m nan,

9 pou m pa 30:9 Det 8:12vin plen e refize rekonèt Ou

pou di: Se kilès ki SENYÈ a?

oswa, pou m ta manke, vin vòlè

e yon gwo wont sou non Bondye mwen an.

10 "Pa pale mal yon esklav a mèt li,

sinon li va 30:10 Ekl 7:21modi ou, e ou va twouve koupab.

11 Gen yon kalite moun ki 30:11 Egz 21:17modi papa li

e refize beni manman l.

12 Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li;

sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.

13 Gen yon kaliteO, jan 30:13 Pwov 6:17zye li leve wo,

e pòpyè zye li leve ak awogans.

14 Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe

ak machwè tankou kouto,

ki prèt pou 30:14 Sòm 14:4devore aflije sou fas yo,

e moun malere yo disparèt pami moun.

15 "Sansi a gen de fi: Ban mwenak Ban m.

"Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: Se kont:

16 Sejou Lanmò a, 30:16 Jen 30:1vant fanm esteril la,

latè a ki pa janm jwenn dlo ase,

ak dife ki pa janm di: Se kont.

17 "Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman,

30:17 Det 28:26 kòbo nan vale a va vin rache l,

e jenn èg yo va manje li.

18 "Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen,

kat ke m pa konprann:

19 30:19 Det 28:49 Vòl a yon èg nan syèl la,

pa sèpan an sou wòch,

chemen gwo bato a nan mitan lanmè,

ak manèv a yon jennonm ak yon fi.

20 "Men konsa chemen a 30:20 Pwov 5:6fanm adiltè a:

Li manje, li siye bouch li e li pale klè: Mwen pa t mal.

21 "Anba twa bagay, latè tranble,

e anba kat, li pa ka kenbe:

22 Anba yon 30:22 Pwov 19:10esklav li vin wa,

ak yon moun fou l vin satisfè ak manje,

23 anba yon fanm neglije l jwenn mari,

ak yon sèvant l pran plas mètrès kay la.

24 "Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès:

25 30:25 Pwov 6:5 Foumi se pa yon pèp ki ;

men yo prepare manje yo nan gran sezon.

26 30:26 Lev 11:5 Chat mawon se pa yon pèp pwisan;

men yo kay yo nan wòch.

27 Krikèt volan yo pa gen wa;

men yo parèt 30:27 Job 2:7byen alinye.

28 Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou;

sepandan, li antre nan palè a wa a.

29 "Gen twa bagay ki mache parèt bèl,

menm kat ki bèl yo mache:

30 Lyon ki 30:30 Jij 14:18pwisan pami bèt yo,

e ki pa bak devan okenn bèt;

31 Jan kòk mache a,

menm ak mal kabrit,

o yon wa lame parèt avè l.

32 "Si ou te foli nan leve tèt ou byen wo,

oswa si ou te konplo pou mal,

30:32 Job 21:5 mete men ou sou bouch ou.

33 Paske lèt k ap laboure vin ,

ak peze nen pote san;

se konsa 30:33 Pwov 10:12 laboure kòlè pwodwi konfli."

Veja também