Publicidade

Salvação

Por Bíblia Online –

A salvação é a obra suprema de Deus. Pela graça, mediante a fé, somos salvos — não por obras, para que ninguém se glorie. É o presente mais precioso que a humanidade pode receber.

A salvação pela graça

A salvação é dom de Deus, não resultado de esforço humano. Somos justificados pela fé em Cristo Jesus e reconciliados com Deus pelo seu amor.

8 Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.9 Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo.

5 li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan.

9 Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n' ka viv pou li. Li pa t' fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa soti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

16 Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou.

23 Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.

7 Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen.8 Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.

23 Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.

O caminho da salvação

Quem confessa Jesus como Senhor e crê em sua ressurreição será salvo. A fé em Cristo é o único caminho para a salvação.

9 Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.10 Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,

10 Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,

31 Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.

31 Yo reponn li: Mete konfyans ou nan Seyè Jezi, epi wava delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.

12 Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.

21 Lè sa a nenpòt moun ki va rele non Bondye va delivre.

6 Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

12 Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.

Nova vida em Cristo

Quem está em Cristo é nova criação. A salvação não é apenas perdão, mas transformação completa — de dentro para fora, para a glória de Deus.

17 Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.

3 Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.

3 Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.

9 Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.

9 Seyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pesonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.

20 Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen.

Segurança eterna

O crente tem a certeza da salvação. Ninguém pode arrebatar da mão de Deus aqueles que Ele chamou, justificou e glorificou.

28 Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.

36 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

8 Nou renmen l', atout nou pa te wè l'; nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l' koulye a. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj,9 paske nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.

16 Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.

A salvação presente e futura

A salvação é passada (justificação), presente (santificação) e futura (glorificação). Deus nos salva, nos guarda e nos conduz à vida eterna.

11 Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre.12 Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.

22 Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.

28 Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.

10 Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.

22 Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.

Nada é impossível para Deus

Aos homens é impossível, mas para Deus tudo é possível. Ele deseja que todos sejam salvos e cheguem ao conhecimento da verdade.

27 Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.

27 Jezi reponn yo: Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.

10 Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l' delivre yo.

47 Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.

13 Antre nan pòt jis la. Paske, pòt ki laj la, chemen ki fasil la ap mennen nou tou dwat nan lanmò. Gen anpil moun ki pase ladan li.14 Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

9 Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,10 moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a.

52 Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

1 (62:1) Pou chèf sanba yo. Pou Yedoutoun. Se yon chante David. (62:2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.

35 (18:36) Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.36 (18:37) Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.

17 Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo,18 mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Seyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m' lan.

4 M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m' ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.

Publicidade