Publicidade

Temor do Senhor

Por Bíblia Online

O temor do Senhor é o princípio da sabedoria. Não se trata de medo, mas de reverência profunda, respeito e admiração diante da santidade e grandeza de Deus.

O princípio da sabedoria

A Escritura afirma que temer ao Senhor é o primeiro passo para a verdadeira sabedoria. Quem teme a Deus discerne o certo e aprende a viver com prudência.

Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.

Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.

Lwanj Li dire jis pou tout tan!

Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès

e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.

Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;

avan onè, fòk imilite.

Konsa, a lòm Li te di:

‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès;

epi kite mal, se sa ki bon konprann.’"

Lakrent SENYÈ a pi;

Li dire jis pou tout tan.

Jijman yo SENYÈ a vrè;

Yo jis san manke.

Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.

Yo pi dous pase myèl, pase siwo a

ki tonbe nan gato myèl la.

Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a

resevwa avètisman pou fè atansyon.

Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.

Bênçãos do temor

Quem teme ao Senhor encontra vida longa, provisão e proteção. O temor de Deus nos guarda do mal e nos conduz à humildade.

Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a

se richès, bon repitasyon, ak lavi.

Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;

men lane mechan yo va kout.

Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,

pou moun ka evite pèlen lanmò yo.

Pa lanmou dous avèk verite, inikite lave;

e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.

A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!

Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.

O goute e wè ke Bondye bon.

A la beni nonm ki kache nan Li a beni!

Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.

Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.

Vivendo no temor do Senhor

Temer ao Senhor é obedecer seus mandamentos, andar em seus caminhos e amá-lo de todo coração. Essa reverência se expressa em justiça e integridade.

"Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li.

"Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li.

Adore SENYÈ a avèk gran respè e

rejwi avèk tranbleman.

Vini, pitit, koute mwen.

Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.

Se ki moun ki dezire lavi, e renmen

jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?

Kenbe lang ou apa de sa ki mal,

e lèv ou pou pa bay manti.

Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.

Chache lapè e fè efò pou twouve li.

Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab."

"‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

"Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou.

"Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè. "Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-22_10-02-25-