Pular para o conteúdo
Publicidade

I Wa Yo 12

1 12:1 II Kwo 10:1 Roboam te ale 12:1 Jij 9:6Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou li wa a. 2 Alò, 12:2 I Wa 11:26-40Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, li t ap viv an Égypte (paske li te toujou an Égypte kote li te sove ale rive soti nan prezans a Wa Salomon). 3 Konsa, yo te voye rele li e Jéroboam avèk tout asanble Israël la te vin pale avèk Roboam. Yo te di: 4 12:4 I Sam 8:11-18"Papa ou te jouk nou rèd. Alò pou sa, sèvis di a papa ou vin pi lejè e mwens lou ke li te mete sou nou e nou va sèvi ou."

5 Epi li te di yo: 12:5 I Wa 12:12"Kite mwen pandan twa jou e retounen kote mwen."

Konsa, pèp la te ale.

6 Wa Roboam te 12:6 I Wa 4:1-6konsiltasyon avèk ansyen ki te sèvi papa li yo, Salomon, pandan li te toujou vivan an, e li te di: "Ki konsèy n ap ban mwen pou repons a pèp sa a?"

7 Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: 12:7 II Kwo 10:7"Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan."

8 Men li te rejte konsèy ansyen yo te bay li a e li te konsilte avèk jennonm ki te elve ansanm avèk li pou te sèvi li a. 9 Konsa, li te mande yo: "Ki konsèy n ap ban mwen pou nou kapab reponn pèp sa a ki te pale avè m e te di: jouk ke papa ou te mete sou nou an vin pi lejè?"

10 Jennonm ki te elve ansanm avèk li yo te reponn li e te di: "Se konsa pou ou ta pale avèk pèp sa a ki te pale avèk ou a pou di: Papa ou te jouk nou lou. Alò, ou menm, l vin pi lejè pou nou.Konsa, ou va di yo: Ti dwèt pi piti mwen an pi gwo ke senti papa mwen! 11 Kote nou papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete ankò sou jouk nou. Papa m te disiplin avèk frèt; men mwen va sèvi ak eskòpyon."

12 Alò, Jéroboam avèk tout pèp la te vini a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande l la, l te di: 12:12 I Wa 12:5"Retounen kote mwen nan twazyèm jou a. 13 Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a. 14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: Papa m te jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. 12:14 Egz 1:13Papa m te disiplin avèk frèt, men mwen va disiplin avèk eskòpyon."

15 Konsa, wa a pa t koute pèp la; paske evenman yo se te yon dewoulman ki te sòti nan SENYÈ a, jis pou 12:15 I Wa 11:11-31Li ta kapab etabli pawòl ke SENYÈ a te pale pa Achija, Siloyit la, a Jéroboam, fis a Nebath la. 16 tout Israël te ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di:

"Ki pati nou gen nan David?

Nanpwen eritaj nan fis Jesse a;

Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a!

Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!"

Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.

17 Men 12:17 I Wa 11:13-36pou fis Israël ki te rete nan vil Juda yo, Roboam te renye sou yo. 18 Epi Wa Roboam te voye 12:18 II Sam 20:24 Adoram ki te chèf sou kòve yo, e tout Israël te lapide li avèk kout wòch jiska lanmò. Konsa, Wa Roboam te vit monte cha li pou kite Jérusalem. 19 12:19 II Wa 17:21Konsa, Israël te rebèl kont lakay David jiska jodi a.

20 Li te vin rive ke tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te li wa sou tout Israël. 12:20 I Wa 11:13-36Okenn sof ke Juda te swiv lakay David.

21 12:21 II Kwo 11:1 Alò, Roboam te retounen Jérusalem, li te rasanble tout kay Juda a ak tribi Benjamin an, 180,000 mesye chwazi ki te gèrye, pou goumen kont lakay Israël la pou restore wayòm a Roboam nan, fis Salomon an. 22 Men pawòl Bondye te vini a 12:22 II Kwo 11:2Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di: 23 "Pale avèk Roboam, fis a Salomon an, wa Juda a e a tout lakay Juda avèk Benjamin, 12:23 I Wa 12:17a tout lòt pèp yo. Di yo: 24 Konsa pale SENYÈ a, "Fòk ou pa monte goumen kont fanmi ou yo, fis Israël yo. Retounen tout moun nan nou lakay nou, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm."" Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen wout yo selon pawòl SENYÈ a.

25 Epi, 12:25 Jij 9:45-49Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati 12:25 Jen 32:30-31Penuel. 26 Jéroboam te di nan l: "Koulye a, wayòm nan va retounen lakay David. 27 12:27 Det 12:5-7-14Si moun sa yo monte pou ofri sakrifis nan kay SENYÈ a Jérusalem; alò, a pèp sa a va retounen mèt yo; menm Roboam, wa Juda a. Epi yo va touye mwen e retounen a Roboam, wa Juda a." 28 Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te 12:28 Os 8:4-7de ti bèf an . Li te di a pèp la: "Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. 12:28 Egz 32:4-8Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la." 29 Li te plase 12:29 Os 10:5youn nan Béthel e lòt la, li te mete li Dan. 30 Alò, bagay sa a te devni yon peche. Paske pèp la te ale pou adore devan youn nan yo jis rive Dan. 31 Konsa, Jéroboam te kay sou wo plas yo e li te 12:31 I Wa 13:33prèt yo soti pami moun ki pa t pami fis a Lévi yo. 32 Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, 12:32 Lev 23:33-34tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte lotèl la. Konsa li te nan Béthel e li te sakrifis a ti bèf ke li te yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te yo. 33 Alò, li te monte kote lotèl ke li te Béthel nan kenzyèm jou nan di-zuityèm mwa ke li te 12:33 Nonb 15:39chwazi nan pwòp li a; epi li te etabli yon fèt pou fis Israël yo, e li te monte lotèl la pou brile lansan.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também