Pular para o conteúdo
Publicidade

I Wa Yo 22

1 Twazan te pase san gen lagè antre Syrie avèk Israël. 2 Nan twazyèm ane 22:2 I Wa 15:24Josaphat a, wa Juda a te desann kote wa Israël la. 3 Alò, wa Israël la te di a sèvitè li yo: "Èske nou konnen ke 22:3 Det 4:33Ramoth-Galaad apatyen a nou menm e jiska prezan, nou p ap anyen pou rache li nan men wa Syrie a." 4 Epi li te di a Josaphat: "Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?"

Josaphat te di a wa Israël la: 22:4 II Wa 3:7"Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo." 5 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: "Souple, demann premyèman selon pawòl SENYÈ a."

6 Alò 22:6 I Wa 18:19wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: "Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe bak?"

Yo te di: "Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a."

7 Men 22:7 II Wa 3:11Josaphat te di: "Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a ki la pou nou kab mande li?"

8 Wa Israël la te di a Josaphat: "Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a."

Men Josaphat te di: "Pa kite wa a di sa."

9 Wa Israël la te rele yon ofisye e te di: "Mennen byen vit Michée, fis a Jimla a."

10 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita chak sou pwòp twòn pa yo, abiye an wòb pa yo nan pòtay pou antre Samarie a, epi 22:10 I Wa 22:6tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. 11 Alò Sédécias, fis a Kenaana a te 22:11 Za 1:18-21kòn yo an pou kont li, e te di: "Konsa pale SENYÈ a: Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi." 12 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa e t ap di: "Ale monte Ramoth-Galaad e byen reyisi; paske SENYÈ a va mete li nan men wa a."

13 Mesaje a ki te ale rele Michée te pale li. Li te di: "Koulye a, gade byen, tout pawòl a pwofèt yo favorab anvè wa a. Souple, kite pawòl ou yo fèt tankou pawòl a youn nan yo, e pale avèk favè."

14 Men Michée te di: "Jan SENYÈ a viv la, sa ke 22:14 Nonb 22:18SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale."

15 li te vin kote wa a, wa a te di li: "Michée, èske nou dwe ale Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske nou dwe bak?"

Konsa, li te reponn li: 22:15 I Wa 22:12"Ale monte e byen reyisi e SENYÈ a va bay li nan men wa a."

16 Alò, wa a te di li: "Konbyen de tan èske mwen oblije di ou pou pa pale anyen avè m sof ke laverite nan non SENYÈ a?"

17 Pou sa, li te di: "Mwen te tout Israël gaye sou mòn yo, 22:17 Mat 9:36tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè."

18 Epi wa Israël la te di a Josaphat: 22:18 I Wa 22:8"Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap bon pwofesi pou mwen, men pito move?"

19 Michée te di: "Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. 22:19 Éz 1:26-28Mwen te SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li. 20 SENYÈ a te di: Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?Epi youn te di sesi e youn te di sela."

21 Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: "Mwen va sedwi li."

22 SENYÈ a te di li: "Kijan?"

Epi li te reponn: "Mwen va sòti deyò pou 22:22 Éz 14:9devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo."

Epi Li te di: "Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale sa." 23 "Alò, pou sa, gade byen, 22:23 Éz 14:9 SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou."

24 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te 22:24 II Kwo 18:23 frape Michée sou machwè li. Li te di: "Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?"

25 Michée te di: "Gade byen, ou va sa nan jou ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache w."

26 Alò, wa Israël la te di: "Pran Michée e retounen li majistra lavil la ak Joas, fis a wa a, 27 epi di li: Konsa pale wa a: 22:27 II Kwo 16:10"Mete nonm sa a nan prizon a e bay li tikras pen ak dlo sèlman kòm manje jiskaske mwen retounen san mal pa rive m.""

28 Michée te di: "Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t m pale." Epi li te di: 22:28 Mi 1:2"Koute, tout pèp nou an!"

29 Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. 30 Wa Israël la te di a Josaphat: 22:30 II Kwo 35:22"Mwen va kache idantite mwen e antre nan batay la, men ou menm, mete vètman pa ou." Konsa, wa Israël la te kache idantite li e te antre nan batay la.

31 Alò, 22:31 I Wa 20:1-24wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: "Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la."

32 Konsa, kapitèn a cha yo te Josaphat, yo te di: "Anverite, sa se wa Israël la," epi yo te vire akote pou goumen kont li e Josaphat te kriye . 33 kapitèn a cha yo te ke li pa t wa Israël la, yo te rale bak e te sispann swiv li. 34 Alò, yon sèten nonm te rale banza li pa aza e te frape wa Israël la. Flèch la te antre nan yon kwen nan vètman pwotèj la. Konsa, li te di chofè cha li a: "Retounen bak e retire mwen nan batay la, 22:34 II Kwo 35:23paske mwen blese byen sevè." 35 Batay la te boule rèd pandan jou sa a. Yo te soutni wa a pou l kanpe nan cha li devan Siryen yo, e nan leswa a, li te mouri. San a te soti nan blesi a pou l antre nan enteryè cha a. 36 22:36 II Wa 14:12Epi yon kri te sòti toupatou nan lame a nan solèy kouche a. Yo te di: "Chak moun rive nan vil li, e chak mesye nan pwòp peyi pa l."

37 Konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samarie, epi yo te antere wa a Samarie. 38 Yo te lave cha a akote sous dlo Samarie a, e chen yo te niche san li nan kote pwostitiye yo te konn benyen, 22:38 I Wa 21:19selon pawòl SENYÈ a te pale a.

39 Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te ak 22:39 Am 3:15kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 40 Konsa, Achab te dòmi avèk zansèt pa li yo, e Achazia, fis li a, te devni wa nan plas li.

41 22:41 II Kwo 20:31 Alò Josaphat, fis Asa a, te devni wa sou Juda nan Katriyèm ane Achab, wa Israël la. 42 Josaphat te gen trann-senk ane li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a. 43 22:43 II Kwo 17:3Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo. 44 22:44 II Wa 8:16-18Josaphat osi te lapè avèk wa Israël la.

45 Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, avèk pwisans ke li te montre ak jan li te lagè, èske yo pa ekri 22:45 II Kwo 20:34nan liv Kwonik a Wa a Juda yo? 46 Retay a 22:46 Det 23:17sadomit ki te rete nan jou papa li yo, Asa, li te ekzile yo sòti nan peyi a. 47 Alò, 22:47 II Sam 8:14pa t gen wa nan Édom. Se yon depite ki te wa. 48 Josaphat te 22:48 II Kwo 20:36bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou , men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber. 49 Alò, Achazia, fis Achab la, te di a Josaphat: "Kite sèvitè mwen yo ale avèk sèvitè ou yo nan bato yo." Men Josaphat pa t dakò. 50 22:50 II Kwo 21:1Konsa, Josaphat te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere avèk zansèt li yo nan vil a papa li a, David e Joram, fis li a, te renye nan plas li.

51 Achazia, fis a Achab la te 22:51 II Kwo 21:1devni wa nan plas li. 52 Li te mal nan zye SENYÈ a e li te 22:52 I Wa 15:26mache nan chemen papa li, nan chemen manman l ak nan chemen Jéroboam, fis a Nebath la, ki te Israël peche a. 53 22:53 Jij 2:11Konsa, li te sèvi Baal, li te adore li e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè, selon tout sa ke papa li te konn yo.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também