41 Alò, Élie te di a Achab: "Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli."
42 Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn 18:42 I Wa 18:19-20Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li. 43 Li te di a sèvitè li: "Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a."
Konsa, li te monte gade, e te di: "Nanpwen anyen" epi li te di:
"Ale retounen" menm sèt fwa."
44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: "Vwala, yon grenn 18:44 Luc 12:54nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a."
Epi li te di: "Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’"
45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote 18:45 És 8:11Jizréel. 46 Alò, 18:46 És 8:11men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel.