Pular para o conteúdo
Publicidade

1 Wa Yo 19

1 Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak 19:1 I Wa 18:40jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe. 2 Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: 19:2 Rt 1:17"Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a."

3 Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan 19:3 Jen 21:31Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la. 4 Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, 19:4 Jr 20:14-18li te fè demann pou l ta mouri e te di: "Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo."

5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen 19:5 Jen 28:12yon zanj ki touche li. Li te di: "Leve, manje!"

6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. 7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: "Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou."

8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive 19:8 Egz 3:1Horeb, mòn Bondye a.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também