4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan 5:4 Trav 26:18tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se 5:5 Luc 16:8fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa 5:6 Wo 13:11dòmi tankou 5:6 Ef 2:3lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo 5:7 Trav 7:15vin sou lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou 5:8 És 59:17pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm 5:8 Ef 6:17kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a 5:9 I Tes 1:10lakòlè, men pou nou vin 5:9 II Tes 2:13gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.