Publicidade

2 Coríntios 10

1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa 10:1 Mat 11:29imilite ak dousè a Kris lamwen menm ki enb mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou m absan! 2 Mwen mande ke m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè 10:2 I Kor 4:18kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa 10:3 Wo 8:4lagè selon lachè, 4 paske 10:4 II Kor 6:7zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk 10:5 És 2:11tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. 6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, 10:6 II Kor 2:9obeyisans nou an fin ranpli.

7 10:7 Jn 7:24 Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la 10:7 I Kor 9:1nou menm osi, nou nan Li. 8 Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou 10:8 II Kor 13:10ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont. 9 Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo. 10 Paske, yo di: "Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e 10:10 I Kor 1:17jan li pale vrèman meprizab." 11 Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon nou la.

12 Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki 10:12 II Kor 3:1rekòmande tèt yo. Men yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann. 13 Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men 10:13 Wo 12:3nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. 14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan 10:14 II Kor 2:12levanjil Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan 10:15 II Tes 1:3lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. 16 Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou 10:16 Wo 15:20nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt. 17 Men 10:17 Jr 9:24"Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a." 18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se 10:18 Wo 2:29sila ki rekòmande pa Bondye a.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-