10 Konsa, David pa t dakò pou deplase lach la antre nan vil David la avèk li; men David te mennen li akote, pou l rive kay 6:10 I Kwo 26:4-8Obed-Édom, Gatyen an. 11 Konsa, lach SENYÈ a te rete lakay Obed-Édom an, Gatyen an, pandan twa mwa e SENYÈ a te beni Obed-Édom avèk tout lakay li. 12 Alò, yo te pale a wa David, e te di: "SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a."
6:12 I Kwo 15:25-29 Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan.