12 Alò, yo te pale a wa David, e te di: "SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a."
6:12 I Kwo 15:25-29 Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan. 13 Lè 6:13 Nonb 4:15pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra. 14 Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te 6:14 Egz 19:5abiye avèk yon efòd fèt ak len. 15 Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.