Pular para o conteúdo
Publicidade

2 Tessalonicenses 2

1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan 2:1 I Tes 2:19vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak 2:1 Mc 13:27reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon 2:2 I Jn 4:1lespri, ni yon 2:2 II Tes 2:15mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.

3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e 2:3 Dan 7:25nonm peche a, fis a 2:3 Jn 17:12pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e 2:4 És 14:14prezante tèt li kòm Bondye.

5 Èske nou pa sonje 2:5 I Tes 3:4m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?

6 Konsa, nou konnen 2:6 II Tim 2:7kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan li a, li kapab vin parèt. 7 Paske 2:7 Rev 17:5,7mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va sa jiskaske li vin retire nan wout la.

8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye 2:8 És 7:4avèk souf ki soti nan bouch li a, e sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, 2:9 Mat 24:24sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou 2:10 I Kor 1:18sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou 2:10 II Tes 2:12,13a verite a, jis pou yo ta kapab sove.

11 Pou rezon sa a, 2:11 I Wa 22:22Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout kapab jije ki 2:12 Wo 2:8pa t kwè nan verite a, men ki te 2:12 Wo 1:32pran plezi nan mechanste.

13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz 2:13 Ef 1:4Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon 2:13 I Tes 4:7pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14 Se te pou sa Li te 2:14 I Tes 2:12rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.

15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e 2:15 I Kor 11:2kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.

16 2:16 I Tes 3:11 Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 2:17 I Tes 3:2rekonfòte nou e ranfòse nou nan tout bon zèv ak pawòl.

Veja também

2 Tessalonicenses
Ver todos os capítulos de 2 Tessalonicenses