1 Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen 20:1 Rev 1:18kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.
2 Li te pran 20:2 Jen 3:1dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane. 3 Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te 20:3 Dan 6:17mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.
4 Answit mwen te wè 20:4 Dan 7:9twòn yo 20:4 Mat 19:28ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
5 Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. 20:5 Luc 14:14Sa se premye rezirèksyon an. 6 20:6 Rev 14:13Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
7 Lè mil ane yo vin fini, Satan va 20:7 Rev 20:2lage soti nan prizon li an, 8 epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, 20:8 Éz 38:2Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè. 9 Yo te 20:9 Rev 17:1 monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, 20:9 Rev 19:7dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.
10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan 20:10 Rev 19:20lak dife ak souf la, kote 20:10 Rev 16:13bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.