1 Epi mwen te wè yon 21:1 És 65:17syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, 21:2 Rev 3:12Jérusalem tounèf la, 21:2 Eb 11:10,16desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: "Gade, 21:3 Lev 26:1tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va 21:4 És 25:8siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase."
5 Epi 21:5 Rev 4:9Sila ki te chita sou twòn nan te di: "Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf." Epi Li te di: "Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè."