17 2:17 Jl 2:28-32 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:
Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,
e granmoun nou yo va fè rèv.
18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason,
nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen,
e yo va pwofetize.