Publicidade

Hebreus 12

1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi 12:1 Wo 13:12mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus 12:2 Eb 2:10fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te 12:2 Fil 2:8sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

3 Paske 12:3 Rev 2:3konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

4 12:4 Eb 10:32 Nou poko reziste jis rive 12:4 Fil 2:8pou rann san nan lit nou kont peche. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

12:5 Job 5:17 "Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

ni vin febli nou korije pa Li;

6 12:6 Pwov 3:12 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

e Li fwete tout fis ke L resevwa."

7 Se pou disiplin ke nou andire. 12:7 Det 8:5Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin 12:8 I Pi 5:9kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.

9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a 12:9 Nonb 16:22Papa a tout lespri yo, e 12:9 És 38:16viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou 12:10 II Pi 1:4pou nou kapab pataje sentete Li a.

11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay 12:11 És 32:17fwi lapè ladwati a.

12 Konsa 12:12 És 35:3ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13 epi 12:13 Pwov 4:26chemen pye nou dwat, jis pou manm ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.

14 12:14 Wo 14:19 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap Senyè a. 15 si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn 12:15 Det 29:18rasin anmè pa vin monte pou twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin 12:15 Tit 1:15konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen 12:16 I Tim 1:9san Bondye tankou Esaü 12:16 Jen 25:33ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, 12:17 Jen 27:30-40li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.

18 Paske nou pa t vin kote 12:18 Egz 19:12,16yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt 19 ni a 12:19 Mat 24:31gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap 12:19 Egz 20:19mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. 20 Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: 12:20 Egz 19:12"Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch." 21 Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: 12:21 Det 9:19"Mwen plen lakrent ak tranbleman".

22 Men 12:22 Rev 14:1nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak 12:22 Eb 11:10vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo 12:23 Luc 10:20ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24 epi anvè Jésus 12:24 I Tim 2:5medyatè yon akò tounèf la, e anvè 12:24 Eb 9:19san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. 25 si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape yo te refize li menm ki te 12:25 Egz 20:22avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. 26 Epi vwa Li te souke a nan moman an, men koulye a, Li yon pwomès, e Li di: 12:26 Ag 2:6"Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman a, men osi syèl la."

27 Ekspresyon sa a: "Malgre yon fwa ankò", nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke 12:27 És 34:4va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon 12:28 Dan 2:44wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske 12:29 Det 4:24Bondye nou an se yon dife k ap devore.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-