Publicidade

Joel 2

1 Soufle twonpèt la nan Sion,

e sone alam nan sou mòn sen Mwen an!

Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble,

paske jou SENYÈ a ap vini.

Anverite, li vin pwòch.2:1 Jl 1:15

2 Yon jou fènwa ak pèdi espwa,

yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès.

Tankou solèy k ap leve sou mòn yo;

konsa gen yon gwo pèp pwisan.

Pa t janm gen yon bagay konsa,

ni p ap janm gen anyen ankò,

jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.2:2 Jl 2:10,31; Lam 1:12

3 Devan yo, se dife k ap devore,

e dèyè yo, se yon flanm k ap brile.

Peyi a vin 2:3 És 51:3 tankou jaden Eden devan yo,

men yon savann 2:3 Egz 10:5,15dezole dèyè yo,

e nanpwen anyen ki chape.

4 2:4 Rev 9:7 Aparans yo se tankou aparans cheval la;

epi kon yon kavalye kouri cheval li,

se konsa yo kouri.

5 Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo,

se konsa yo sote;

tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay,

se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.2:5 Rev 9:9

6 Devan yo, pèp yo vin nan gwo 2:6 És 13:8soufrans.

Tout figi yo vin pal.

7 Yo kouri tankou mesye pwisan yo.

Yo monte mi tankou sòlda.

Konsa, yo 2:7 Pwov 30:27mache byen ranje,

ni yo pa kite pa yo.

8 Youn pa jennen lòt.

Yo chak mache nan pa yo.

y ap eklate travèse defans yo,

yo pa kase ran ranje an.

9 Yo kouri sou vil la.

Yo kouri sou miray la.

Yo antre nan 2:9 Egz 10:6 kay yo;

2:9 Jr 9:21 nan fenèt yo antre kon vòlè.

10 Devan yo, a 2:10 Sòm 18:7 souke.

Syèl yo tranble.

2:10 És 13:10 Solèy la ak lalin nan vin tou nwa,

e zetwal yo vin pèdi briyans yo.

11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a.

Anverite, kan Li vin byen gran,

paske 2:11 Jr 50:34 byen se sila ki akonpli pawòl Li a.

2:11 Jl 1:15 Anverite, jou SENYÈ a gran.

Li tèrib anpil!

Se kilès ki ka sipòte li?

12 "Koulye a menm", deklare SENYÈ a,

2:12 Det 4:29 "retounen kote Mwen ak tout nou;

avèk 2:12 Dan 9:3jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon."

13 Konsa, 2:13 Sòm 34:18 rann nou, olye vètman nou."

Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

paske Li 2:13 Egz 34:6plen gras ak mizerikòd,

lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

e konn ralanti nan malè.

14 Kilès ki ka konnen 2:14 Jr 26:3si Li p ap repanti kite sa a,

pou L kite dèyè Li yon benediksyon,

menm yon ofrann sereyal

ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.

15 Soufle yon twonpèt nan Sion!

2:15 Jl 1:14 Konsakre yon jèn.

Pwoklame yon asanble solanèl.

16 Rasanble moun yo.

2:16 I Sam 16:5 yon asanble ki sen.

Reyini ansyen yo.

Rasanble timoun ak sila pran tete yo.

Kite mesye marye a sòti nan chanm li,

e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.

17 Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo,

kriye antre galri a ak lotèl la,

kite yo di: 2:17 Egz 32:11,12 "Epagne pèp Ou a, O SENYÈ!

Pa eritaj Ou a vin yon repwòch,

yon vye pami nasyon yo.

Poukisa nasyon yo ta dwe di: 2:17 Sòm 42:10"Kote Bondye Yo a ye?"

18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a,

e Li te 2:18 És 60:10 mizerikòd a pèp Li a.

19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a:

"Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil.

Nou va vin satisfè nèt ak yo.

2:19 Éz 34:29 Mwen p ap nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.

20 Men 2:20 Jr 1:14,15Lame a, Mwen va retire li ale lwen nou,

Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole.

Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la;

pwent dèyè a, nan lanmè lwès la.

Konsa, sant pouriti li a va vin leve.

Movèz odè li va vin monte,

paske se gwo bagay li te konn ."

21 2:21 És 54:4 Pinga nou , O peyi a!

Rejwi e nou kontan,

paske SENYÈ a te gwo bagay.

22 Pa , nou menm bèt chan yo;

paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,

paske pyebwa a vin bay fwi li.

Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.2:22 Sòm 65:12,13

23 Konsa, se pou nou kontan,

O fis a Sion yo!

Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;

paske Li te 2:23 Det 11:14 bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,

li te vide sou nou lapli,

premyè ak 2:23 Lev 26:4denyè lapli lan tankou avan an.

24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal,

e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.2:24 Lev 26:10

25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane

ke 2:25 Jl 1:4-7 gwo krikèt te manje yo,

ak ti krikèt la ki kouri a a,

ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou,

gwo lame ke Mwen menm te

voye pami nou.

26 Nou va genyen anpil manje,

nou va vin satisfè,

e nou va lwanj non SENYÈ a,

Bondye nou a,

ki te 2:26 Sòm 126:2,3 aji ak mèvèy avèk nou.

Konsa, pèp Mwen an 2:26 És 45:17p ap janm vin desi ankò.

27 Konsa, nou va konnen ke

Mwen nan mitan Israël,

ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,

e ke pa gen okenn lòt;

epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.2:27 Lev 26:11,12; És 45:5,6

28 Li va vin rive apre sa,

ke Mwen va 2:28 És 32:15 vide Lespri M sou tout 2:28 És 40:5chè.

Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,

e granmoun nou yo va vizyon yo.

29 Menm sou sèvitè ak sèvan yo,

mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.

30 Mwen va 2:30 Mat 24:29montre mèvèy yo

nan syèl la ak sou a:

san, dife, ak gwo kolòn lafimen.

31 Solèy la va vin tou nwa,

e lalin nan tankou san

devan gwo jou tèrib SENYÈ a.2:31 És 13:10

32 Epi li va vin rive ke 2:32 Jr 33:3nenpòt moun

ki rele non SENYÈ a, li va delivre;

paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,

va gen sila ki chape yo,

jan SENYÈ a te di a,

menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.

Veja também

Joel
Ver todos os capítulos de Joel
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-04_21-26-40-